TSK

TSK · Job 14:13

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Konsa, lè Seyè a va pase nan peyi Lejip la pou touye moun peyi Lejip yo, l'a wè san an sou chanbrann yo ak sou lento a, l'ap pase devan pòt la, li p'ap kite moun ki reskonsab pou touye a antre lakay nou pou touye nou.

Seyè, jan ou gen kè sansib pou pèp ou a, pa bliye m'. Pa bliye m', lè w'ap vin delivre yo.

¶ Ale non, pèp mwen an! Antre lakay nou. Fèmen pòt dèyè nou. Kache kò nou pou yon ti tan, jouk kòlè Bondye a va fin pase.

Pesonn pa konnen ni ki jou ni ki lè bagay sa yo ap rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.

Acts 1:7 TSK

Jezi reponn yo: Nou pa bezwen konnen ki jou ni ki lè sa va fèt. Se Papa a ki fikse dat la li menm, pou kont li.