Seyè a pral pran defans pèp li a, lè l'a wè tout fòs yo fin desann. Li pral gen pitye pou sèvitè l' yo, lè l'a wè pa gen anpil ankò ki rete, ni anndan peyi a, ni deyò.
TSK
TSK · Joel 2:18
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Apre sa, yo wete tout bondye lòt nasyon yo te gen lakay yo, yo pran sèvi Seyè a. Seyè a pa t' gen kè pou l' wè jan pèp Izrayèl la te nan lapenn.
Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Seyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li.
¶ Seyè a soti tankou yon vanyan gason! Li ranmase tout fòs li tankou yon nonm ki pral nan lagè. Li rele byen fò, li bay siyal pou lagè a! Tankou yon vanyan gason, l'ap kraze lènmi l' yo.
nan tout tèt chaje yo. Se pa t' yon moun ni yon zanj li te voye fè travay la pou li. Se limenm menm ki te vin delivre yo. Li sitèlman renmen yo, kè l' sitèlman fè l' mal pou yo, se limenm menm ki te vin delivre yo. Nan tan lontan, li te toujou pran swen yo.
Izrayèl, nou se pitit gason mwen pi renmen an, pitit mwen pi pito a. Chak fwa non nou vin nan bouch mwen pou m' pini nou, mwen chonje jan mwen renmen nou. Se poutèt sa mwen fèb pou nou, m'a gen pitye pou nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
¶ Nou menm moun Efrayim yo, kouman nou ta vle pou m' lage nou? Nou menm moun Izrayèl yo, kouman nou ta vle pou m' ta detwi nou tankou mwen te detwi lavi Adma? Kouman nou ta vle pou m' ta trete nou tankou mwen te trete lavil Zeboyim yo? Non! Mwen pa gen kè pou m' fè bagay konsa. Tout zantray mwen ap fè mwen mal pou nou.
-Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen sitèlman renmen moun mòn Siyon yo, mwen fè jalouzi anpil pou yo. Mwen fè kòlè sou lènmi yo.
Paske yo te soufri ak pasyans, nou di yo se moun Bondye beni. Nou tande ki jan Jòb te gen pasyans, nou wè bout pou bout sa Bondye te fè pou li, paske Bondye gen bon kè, li gen kè sansib.