Exodus 4:16
TSK
L'a pale ak pèp la pou ou. Se tankou si se te ou menm ki t'ap pale. Ou menm, w'a tankou Bondye k'ap di li sa pou li di.
TSK
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
L'a pale ak pèp la pou ou. Se tankou si se te ou menm ki t'ap pale. Ou menm, w'a tankou Bondye k'ap di li sa pou li di.
Piga nou pale Bondye mal. Piga nou bay chèf pèp la madichon.
¶ Mwen te di se bondye nou ye, nou tout se pitit Bondye ki anwo nan syèl la nou ye.
Nou jwenn sa ekri nan Lalwa nou an tou: Lè de temwen fè menm depozisyon an, sa yo di a vre.
Men, yo fè tou sa pou pawòl ki ekri nan Lalwa yo a te ka rive vre: Yo rayi m' san m' pa fè yo anyen.
¶ Men sa ki ekri nan Liv lalwa a: M'a pale avèk pèp la nan bouch moun lòt peyi, nan bouch moun ki pale lòt lang. Men malgre sa, pèp mwen an p'ap koute mwen.