¶ Te vin gen yon lòt grangou nan peyi a, pi rèd pase sa ki te tonbe sou peyi a nan tan Abraram lan. Lè sa a, Izarak ale yon kote yo rele Gera kay Abimelèk, wa moun Filisti yo.
TSK
TSK · Joshua 13:2
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Seyè a va mete tout nasyon sa yo deyò devan nou pou nou ka pran plas yo. N'a pran pou nou peyi yon bann nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou.
Li pran tout peyi Galarad la, tout teritwa moun Jechou yo ak moun Maaka yo ansanm ak tout mòn Emon ak mòn Bachan jouk Salka.
¶ Seyè a te kite kèk nasyon nan peyi a pou l' te ka sonde moun pèp Izrayèl la ki patko fèt lè yo t'ap fè lagè pou antre nan peyi Kanaran an.
Dezyèm lan te rele Kileyab. Se Abigayel, vèv Nabal la, moun lavil Kamèl, ki te manman l'. Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l'.
Antan mwen te lavil Gechou nan peyi Siri, mwen te pwomèt Seyè a si m' te tounen lavil Jerizalèm, mwen ta fè yon sèvis pou li Ebwon.
Madichon pou moun peyi Filisti yo ki rete tout bò lanmè a! Seyè a ban nou santans nou, nou menm moun Filisti ki rete nan peyi Kanaran an. L'ap detwi nou nèt, li p'ap kite yon moun nan peyi a.