TSK

TSK · Joshua 17:14

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Men, papa a derefize. Li di l': -Mwen konnen, pitit mwen, mwen konnen. Manase tout ap vin yon pèp. Li menm tout l'ap grannèg. Men, ti frè l' la pral pi grannèg pase l'. Pitit li yo pral vin anpil nasyon.

Se pa pou lòt moun nan frè ou yo, se pou ou m'ap kite moso tè Sichèm lan. Se pòsyon tè sa a mwen te pran nan men moun Amori yo anba gwo goumen.

Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Manase a. Lè resansman an, yo te jwenn senkanndemil sètsan gason nan branch fanmi sa a.

Yo marye nan branch fanmi Manase, pitit Jozèf la. Konsa, pòsyon tè papa yo a rete nan menm branch fanmi an.

Li byen kanpe tankou premye pitit yon towo bèf. L'ap gen fòs kouraj yon bèf savann. L'ap bat tout pèp ki sou latè ak kout kòn, l'ap kouri dèyè yo jouk nan dènye bout latè. Wi, se sa tout milyon moun Efrayim yo ak tout kantite moun Manase yo pral fè.

Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Efrayim lan.