TSK

TSK · Joshua 18:8

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Bon. Koulye a, ou mèt pwonmennen mache nan tout peyi a, paske se ou menm mwen pral bay li.

¶ Lè a rive koulye a pou nou separe peyi a bay nèf lòt branch fanmi yo ak lòt mwatye nan branch fanmi Manase a pòsyon pa yo.

¶ Lè yo te tire osò a, men pòsyon tè ki vin pou moun branch fanmi Jida yo. Se tè sa a yo te separe bay chak fanmi nan branch lan pòsyon pa yo. Tè a bonè nan sid ak peyi Edon an, depi dezè Zin lan rive Kadès nan direksyon sid.

N'a make sou papye jan nou ta renmen separe rès peyi a an sèt pòsyon. N'a pote papye a ban mwen isit la. Apre sa, m'a vin tire osò pou nou devan Seyè a, Bondye nou an.

Sayil di Seyè a: -Bondye pèp Izrayèl la! Poukisa ou pa reponn mwen jòdi a? Seyè, Bondye pèp Izrayèl la, tanpri, reponn mwen nan ourim ak toumim yo. Si se mwen menm osinon Jonatan ki koupab, w'a bay ourim yo. Men, si se yon moun nan pèp la ki koupab, w'a bay toumim yo. Seyè a fè yo konnen se bò Sayil ak Jonatan fòt la te ye, pèp la te pou anyen nan sa.

Acts 1:24 TSK

Apre sa, yo lapriyè konsa: Bondye, ou menm ki konnen kè tout moun, moutre nou kilès ou chwazi nan de moun sa yo,