TSK

TSK · Joshua 24:10

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Men gen yon pèp ki soti nan peyi Lejip k'ap mache pran tout peyi pou yo. Tanpri, vini ba yo madichon pou li. Konsa, l'a ka rive bat yo, l'a ka mete yo deyò nan peyi a.

Men, zanj Bondye a di li: -Ou mèt ale ak mesye yo. Sèlman, pa di anyen pase sa m'a di ou di. Se konsa Balaram ale ak chèf Balak te voye bò kote l' yo.

Balaram di Balak konsa: -Rete kanpe bò kote ofrann ou mete boule sou lotèl yo. Mwen menm, mwen pral kontre ak Bondye pi devan.

¶ Lè sa a, Balak fè yon sèl move sou Balaram, li frape pye l' atè, li di konsa: -Mwen te rele ou isit la pou bay lènmi m' yo madichon pou mwen. Men, gade sa ou fè. Se beni ou beni yo pito. Sa fè twa fwa ou fè sa.

Men, tout zam y'a fè pou sèvi kont ou yo p'ap fè ou anyen. W'a gen repons nan bouch ou pou tout moun ki va akize ou nan tribinal. Se sa m'ap fè pou tout sèvitè m' yo. Se mwen k'ap defann kòz yo. Se Seyè a menm ki di sa!