TSK

TSK · Judges 5:6

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

¶ Apre Eyoud, yo vin gen yon lòt chèf: Se te Chanmga, pitit Anat. Li menm menm avèk yon fwèt kach po bèf, li te touye sisan sòlda nan lame moun Filisti yo. Konsa li delivre pèp Izrayèl la.

Nan tan sa yo, pesonn pa t' ka okipe zafè yo ak kè poze, paske te gen gwo dezòd pou tout moun nan tout peyi.

Nanpwen pesonn sou granchemen yo. Moun pa vwayaje ankò. Lènmi yo pa respekte kontra yo te siyen an, yo pa kenbe dizon yo. Y'a manke tout moun dega.

Lènmi ap veye kote nou prale. Nou pa menm gen dwa soti nan lari. Jou lanmò nou rive. Sa ki rete pou nou mouri a pa anyen.