TSK

TSK · Lamentations 4:7

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Paske ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm koupe cheve nan tèt li, paske depi nan vant manman l', se yon gason k'ap viv apa pou Bondye tankou nazirit yo l'ap ye. Se li menm ki pral konmanse travay pou delivre pèp Izrayèl la anba men moun Filisti yo.

Bout pou bout li ba li sekrè a, li di l' konsa: -Mwen pa janm koupe cheve nan tèt mwen. Se yon nazirit mwen ye, yo mete m' apa pou Bondye depi nan vant manman m'. Si yo koupe tout cheve nan tèt mwen, m'ap pèdi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun.

¶ Wete peche m' lan avèk yon branch izòp, konsa m'a nan kondisyon pou m' fè sèvis pou ou. Lave m', m'a pi blan pase koton.

Mennaj mwen bèl, li byen kanpe. Li fasil pou rekonèt, te mèt nan mitan dimil gason.

Apre dis jou yo, figi ti mesye yo te pi fre, yo te pi anfòm pase jenn gason ki te manje manje wa a.

Luke 1:15 TSK

L'ap yon grannèg devan Bondye, Mèt la; li p'ap bwè ni diven, ni ankenn alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri a.