TSK

TSK · Leviticus 23:7

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Pandan sèt jou n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Sou setyèm jou a, n'a reyini tout pèp la ankò pou n' adore Seyè a. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn gwo travay non plis.

Piga nou fè gwo travay. N'a fè ofrann pou yo boule nan dife pou Seyè a.

Chak jou, pandan sèt jou, n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Sou wityèm jou a, n'a reyini moun yo ankò pou adore Bondye, epi n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Se va yon jou pou adore Bondye. Jou sa a, piga nou fè gwo travay.

¶ Premye jou setyèm mwa a, n'a sanble tout moun pou yo vin fè sèvis pou adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. Se jou sa a tou, y'a kònen twonpèt yo pou fè konnen jou a rive.