Y'a kouvri tab pou pen yo ofri bay Bondye a ak yon dra ble. Y'a mete asyèt, tas, kafetyè ak bòl yo sèvi nan sèvis pou mwen yo sou li. Pen yo ofri bay Seyè a va toujou rete sou li tou.
TSK
TSK · Leviticus 24:8
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Lòt moun Levi nan fanmi Keyat la te reskonsab pare pen pou yo te mete chak jou repo nan Tanp lan.
Mwen pral bati yon tanp pou Seyè a, Bondye mwen an. Se pral yon kay n'ap mete apa pou li, kote n'a boule lansan pou li, kote n'a toujou mete devan l' pen y'ap ofri l' yo, kote chak maten chak aswè y'a ofri bèt pou yo boule nèt pou li lè jou repo yo, lè lalin nouvèl, ak lè lòt fèt nou fete pou Seyè a, Bondye nou an, jan li te bay pou yo toujou fè l' nan peyi Izrayèl.
N'a bay tou pen pou yo mete apa pou Bondye yo, ofrann grenn pou chak jou yo, bèt pou yo boule chak jou pou Bondye yo, ofrann pou jou repo yo, pou fèt lalin nouvèl yo, ak pou lòt gwo fèt yo, manje pou yo mete apa pou Bondye yo, ofrann pou wete peche moun pèp Izrayèl yo, ak tout lòt bagay yo ka bezwen pou fè sèvis nan tanp Bondye nou an.