Zanj Seyè a parèt devan l', li di l' konsa: -Bonjou, vanyan sòlda! Seyè a avè ou!
TSK
TSK · Luke 1:28
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Nou pa bezwen pè anyen. Mwen la avèk nou. M'ap fè tout moun nou yo tounen lakay yo. M'ap sanble nou soti nan peyi sou bò solèy leve ak nan peyi sou bò solèy kouche.
Wi, mwen t'ap pale toujou nan lapriyè a, lè Gabriyèl, zanj mwen te wè nan premye vizyon an, vole desann kote mwen te ye a. Se lè yo te konn fè ofrann bèt aswè a.
Tounen vin jwenn Seyè a! Men sa pou nou di li: Padonnen tout peche nou yo. Asepte sa n'ap mande ou la a. Nou p'ap ofri ou towo bèf ankò, n'ap fè lwanj ou pito.
Men, zanj lan di li: Pa pè, Mari. Ou jwenn favè nan men Bondye.
¶ Pandan Jezi t'ap pale konsa, yon fanm pran pale byen fò nan mitan foul la, epi l' di: Fanm ki te pote ou nan vant li epi ki te ba ou tete a, se yon fanm Bondye beni!
Se poutèt sa, ann toujou fè lwanj Bondye pou bèl favè sa a li fè nou kado, gremesi Pitit li renmen anpil la!