¶ Jezi antre nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo avèk chèf fanmi ki t'ap dirije pèp jwif la vin di li: Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite sa a?
TSK
TSK · Luke 19:47
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Apre sa, Jezi di foul moun yo: Nou vin dèyè m' ak nepe ak baton tankou si m' te yon ansasen. Toulejou mwen te chita la nan tanp lan, ap moutre moun yo anpil bagay, nou pa t' janm arete mwen.
¶ Se konsa, yo tounen lavil Jerizalèm ankò. Pandan Jezi t'ap pwonmennen nan tanp lan, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo te vin bò kote li.
¶ Nan de jou ankò yo tapral fete fèt Delivrans lan ansanm ak fèt Pen san ledven an. Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap chache mwayen pou yo arete Jezi san pesonn pa konnen, pou fè touye li.
Moyiz te ban nou Lalwa a, pa vre? Men, nou yonn pa obeyi Lalwa. Poukisa n'ap chache touye mwen?
Wi, mwen konnen se pitit pitit Abraram nou ye vre. Men, n'ap chache touye m' paske nou pa asepte sa m'ap moutre nou.
Se depi jou sa a otorite jwif yo pran desizyon pou yo touye Jezi.