¶ Menm jan yon ti plan pouse soti nan rasin yon pyebwa yo koupe, yon ti kreyòl soti nan chouk li, se konsa tou yon wa pral soti nan ras David la.
TSK
TSK · Luke 20:41
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Isaiah 11:1
TSK
Jeremiah 33:15
TSK
Jou sa a, lè sa a, m'a fè yon nonm soti nan fanmi David la pou gouvènen yo. Se va yon wa ki va fè sa ki dwat, ki p'ap nan patipri.
Matthew 1:1
TSK
¶ Men non zansèt Jezikri ki te pitit pitit David, pitit pitit Abraram.
Mark 12:35
TSK
¶ Pandan Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan tanp lan, li di yo: -Ki jan dirèktè lalwa yo fè di Kris la se pitit pitit David li ye?
John 7:42
TSK
Liv la di: Kris la, se yon pitit pitit David la ye. Se Betleyèm li gen pou l' soti, lavil kote David te pase tout lavi li a.
Romans 1:3
TSK
Bon Nouvèl sa a pale nou sou Pitit li a, Jezikri, Seyè nou an. Lè pou l' te fèt tankou yon moun, Jezi soti nan fanmi wa David.