TSK

TSK · Luke 24:30

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Apre sa, li bay lòd fè moun yo chita sou zèb la. Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo, li bay disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun.

¶ Antan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l', li bay disip yo, li di: Pran, manje. Sa se kò mwen.

Mark 8:6 TSK

Lè sa a, li fè foul moun yo chita atè; li pran sèt pen yo; li di Bondye mèsi, li kase yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo pou yo mache bay tout moun. Disip yo mache bay tout moun pen.

Luke 9:16 TSK

Jezi pran senk pen ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi pou manje a. Apre sa, li separe l', li renmèt li bay disip yo pou mache bay foul moun yo.

Lè sa a, de disip yo pran rakonte sak te rive yo sou wout la, ki jan yo te rekonèt li lè l' te kase pen an.

Lè li fin di sa, Pòl pran pen, li di Bondye mèsi devan yo tout, li kase pen an, epi l' kòmanse manje.