TSK

TSK · Luke 3:32

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Nan branch fanmi Jida a, se va Nakchon, pitit gason Aminadab.

Chèf yo vini vre, yo fè ofrann yo yonn apre lòt. Premye jou a, se te tou pa Nakchon, pitit gason Aminadab la, chèf branch fanmi Jida a.

Sayil mande l': -Ti gason, pitit ki moun ou ye hen! David reponn: -Mwen se pitit moun pa ou la, Izayi, moun lavil Betleyèm.

¶ Lè pèp Izrayèl la wè wa a pa t' soti pou li fè sa yo te mande l' la, yo reponn wa a. Yo di li: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David. Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a. Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo! Ann kite pitit David yo degaje yo pou kont yo ak fanmi yo! Se konsa moun pèp Izrayèl yo vire do al lakay yo.

¶ Menm jan yon ti plan pouse soti nan rasin yon pyebwa yo koupe, yon ti kreyòl soti nan chouk li, se konsa tou yon wa pral soti nan ras David la.

Lè li wete Sayil, li ba yo David pou wa. Men sa Bondye te di sou David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a. Se yon nonm ki fè m' plezi. Li va fè tou sa m' vle l' fè.