¶ Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen.
TSK
TSK · Luke 4:15
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Matthew 4:23
TSK
Matthew 9:35
TSK
¶ Jezi t'ap mache nan tout lavil yo ak tout ti bouk yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap fè konnen Bon Nouvèl Peyi kote Bondye Wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite.
Mark 1:27
TSK
Tout moun yo te sitèlman sezi, yonn t'ap mande lòt: -Sa sa ye la a menm! Sa se yon lòt bagay l'ap moutre nou la a. Menm move lespri yo, li pase yo lòd ak otorite, yo obeyi li.
Mark 1:45
TSK
Men, nonm lan pati, li pran mache fè konnen bagay la toupatou. Li sitèlman gaye nouvèl la, Jezi pa t' kapab antre ankò nan okenn lavil pou moun pa t' wè li. Li te pito rete andeyò, kote ki pa gen moun. Men, moun te soti toupatou vin jwenn li.
Luke 13:10
TSK
¶ Yon jou repo, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan yon sinagòg.