¶ Men sa Seyè a di ankò: -Si m' te voye manman nou tounen lakay li, kote papye divòs mwen te ba li? Ki moun mwen te dwe lajan pou m' ta vann nou ba li tankou esklav? Se poutèt mechanste nou yo mwen te vann nou. Se poutèt peche nou yo mwen te voye manman nou tounen lakay li.
TSK
TSK · Luke 7:41
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Isaiah 50:1
TSK
Matthew 6:12
TSK
Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.
Matthew 18:28
TSK
Lè domestik la soti, li kontre ak yon kanmarad ki te dwe l' san goud. Li kenbe l', li pran trangle l', li di li: Peye m' sa ou dwe m' lan.
Luke 11:4
TSK
Padonnen peche nou yo, paske nou menm tou nou padonnen tout moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon.
Luke 13:4
TSK
Dizwit moun ki te mouri kraze lè gwo kay Siloe a te tonbe sou yo a, gen lè nou kwè yo te pi koupab pase tout lòt moun nan lavil Jerizalèm yo?
Romans 3:23
TSK
Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a.
1 Timothy 1:15
TSK
Sa se yon pawòl ki vre, pawòl tout moun te dwe kwè: Jezikri te vini sou latè pou delivre moun k'ap fè peche. Mwen menm, mwen pi mal pase yo tout.