Sonde m', Bondye! Wè tou sa ki nan kè m'! Fouye m'! Wè tou sa ki nan lide m'!
TSK
TSK · Luke 9:47
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Men, Jezi te gen tan konnen sa ki t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: Poukisa n'ap fè move lide konsa nan tèt nou?
¶ Lè sa a, yo mennen kèk timoun piti bay Jezi pou l' te mete men l' sou tèt yo, pou l' te lapriyè pou yo. Men, disip yo t'ap di moun yo pa fè sa.
Jezi menm te konnen sak t'ap pase nan tèt yo, li di yo konsa: Poukisa n'ap fè lide konsa nan tèt nou?
Li pa t' bezwen moun te di l' anyen sou pesonn, paske li menm li te konnen sa ki nan kè yo.
Apre sa, li mande l' yon twazyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Sa te fè Simon lapenn anpil lè l' wè Jezi te mande l' yon twazyèm fwa: Eske ou renmen mwen? Li reponn li: Seyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou. Jezi di l' konsa: Pran swen mouton m' yo.
Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l', san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè.
Apre sa, m'ap fè tout pitit li yo mouri. Konsa, tout legliz yo va konnen mwen se moun ki konnen tout lide lèzòm ap fè nan tèt yo ak tout santiman yo gen nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.