Men, paske filozòf la te gen bon konprann, li pa janm sispann moutre pèp la tou sa li te konnen. Li egzaminen anpil pwovèb, li etidye yo, li pran san li pou li sanble yo.
TSK
TSK · Mark 10:1
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
¶ Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen.
¶ Jezi tounen ankò bò lanmè Galile a. Yon foul moun te vin jwenn li, epi li t'ap moutre yo anpil bagay.
Jezi te sezi wè jan yo pa t' kwè nan li. Apre sa, Jezi te mache nan tout ti bouk nan vwazinaj la. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay.
Jezi tounen ankò lòt bò larivyè Jouden kote Jan te konn batize a. Li rete la.
Jezi reponn li: Mwen te pale an piblik pou tout moun tande. Se nan sinagòg yo ak nan tanp lan, kote tout jwif yo sanble, se la mwen toujou moutre sa pou m' te moutre a. Mwen pa janm di anyen an kachèt.