¶ Seyè a di m' konsa: -Rele ak tout fòs ou, rele mezi ou kapab! Fè vwa ou sonnen tankou klewon! Fè pèp mwen an konnen tout mechanste li fè yo! Fè moun fanmi Jakòb yo konnen tout peche yo te fè!
TSK
TSK · Mark 3:17
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Jezi vanse pi lwen, li wè de pitit gason Zebede yo, Jak ak Jan, frè li. Yo te chita nan kannòt yo a, yo t'ap repare privye yo.
Sis jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan; li mennen yo pou kont yo sou tèt yon mòn byen wo. Figi l' chanje la devan yo;
Li pran Pyè, Jak ak Jan avè li. Lamenm, li santi yon frison nan rèl do l' ak yon kè sere ki pran li.
¶ Pyè vire tèt li, li wè disip Jezi te renmen an ki t'ap vin dèyè yo. Se disip sa a ki te panche bò zòrèy Jezi, antan yo t'ap manje a, ki te mande li: Seyè, ki moun ki pral trayi ou la?
Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa. Li pi file pase kouto de bò. Li koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri moun fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl zo kontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.