Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: -Poukisa n'ap di: se paske nou pa gen pen? Se konnen nou pa konnen? Nou poko ka konprann toujou? Se bouche lespri nou bouche konsa?
TSK
TSK · Mark 9:32
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Mark 8:17
TSK
Mark 9:10
TSK
Yo te kenbe pawòl la sekrè, men yonn t'ap di lòt: -Sa sa vle di menm: leve soti vivan pami mò yo?
Luke 2:50
TSK
Men yo pa t' konprann sa l' t'ap di yo.
Luke 18:34
TSK
Men, disip yo pa t' konprann anyen nan sa; sans pawòl la te kache pou yo, yo pa t' kapab konnen sa Jezi t'ap di yo konsa.
John 4:27
TSK
¶ Lè sa a, disip Jezi yo vin rive. Yo te sezi wè l' ap pale ak yon fanm. Men, yo yonn pa mande l': Kisa ou gen avèk li? Osinon: Poukisa w'ap pale avè li?
John 16:19
TSK
Jezi menm te konnen yo te vle poze l' keksyon. Li di yo: Mwen di nou: Talè konsa nou p'ap wè m', talè konsa tou n'a wè m' ankò. Eske se sou sa nou yonn ap poze lòt keksyon an?