TSK

TSK · Matthew 10:4

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

¶ Jezi t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen avèk li yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo avèk li. Se chèf prèt yo ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la ki te voye yo avèk li.

Mark 3:18 TSK

Te gen Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak, pitit Alfe a, Tade, Simon, patriyòt la,

¶ Jezi t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo avèk li: se chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo ki te voye yo avèk li.

Luke 22:3 TSK

Lè sa a, Satan antre nan tèt Jida yo te rele Iskariòt la, yonn nan douz disip yo.

John 6:71 TSK

Li t'ap pale sou Jida, pitit Simon Iskariòt la. Paske, atout Jida te yonn nan douz disip yo, se li ki tapral trayi li.

Jezi reponn li: Mwen pral tranpe yon moso pen nan plat la: moun wa wè m'a lonje l' bay la, se li menm. Jezi pran yon moso pen, li tranpe l', li lonje l' bay Jida, pitit Simon Iskariòt la.

Acts 1:13 TSK

Lè yo rive Jerizalèm, yo moute nan chanm anwo kay kote yo konn ye a. Lè sa a te gen Pyè, Jan, Jak ak Andre, Filip ak Toma, Batèlmi ak Matye, Jak, pitit Alfe a, Simon, nonm patriyòt la, epi Jid, pitit Jak la.

Acts 1:25 TSK

pou sèvi apòt nan plas Jida te kite pou li al kote ki te pou li a.