Lè yo soti, yo kontre yon nonm peyi Sirèn ki te rele Simon. Yo fòse msye pote kwa Jezi a.
TSK
TSK · Matthew 16:24
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Jezi gade nonm lan, li renmen l', epi l' di li: -Yon sèl bagay ou manke: Ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen.
Epi li di yo tout: Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l' sou zèpòl li chak jou, epi swiv mwen.
¶ Antan sòlda yo t'ap mennen Jezi ale, yo kontre Simon, yon moun peyi Sirèn. Li te soti nan jaden. Yo pran msye, yo chaje l' anba kwa a pou l' pote li dèyè Jezi.
Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n' antre nan peyi kote Bondye wa a.
pou pesonn pa febli nan mitan tribilasyon sa yo. Nou menm, moun lavil Tesalonik, se pou n' soufri bagay sa yo paske Bondye te wè davans sa tapral rive nou.
Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè, lè li vin gran, li te refize pote non pitit fi farawon an.