TSK

TSK · Matthew 24:2

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase pèp Izrayèl la nan betiz, y'a fè chante sou li.

Bèl bijou yo te genyen yo vire lòlòj yo. Yo sèvi ak yo pou fè estati zidòl, bagay ki derespektan, bagay mwen pa vle wè menm. Se poutèt sa, m'ap fè yo p'ap ka santi richès yo.

Se konsa, n'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen mazi. Gwo pyebwa pral kouvri tout mòn kote tanp lan ye a.

¶ Si tout bagay gen pou disparèt konsa, nou pa bezwen mande ki kalite moun nou dwe ye: Se pou nou sèvi Bondye, se pou nou viv pou li ase.