TSK

TSK · Matthew 27:23

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Mwen menm, m'ap soti, mwen pral jwenn papa m' nan jaden kote ou kache a, m'a pale sou ou ak li. Jan l' reponn mwen, m'a fè ou konnen.

Akimelèk reponn li: -Nan tout moun k'ap sèvi avè ou yo, pa gen yonn ki renmen ou tankou David. Se bofi ou li ye, li fè pati gad kò ou yo. Tout moun lakay ou respekte l'.

Men, lè jeran yo wè pitit la, yonn di lòt: Men eritye a. Vini non, ann touye li. Konsa, jaden an va vin pou nou.

Acts 17:5 TSK

Men, jwif yo t'ap fè jalouzi anpil. Yo pran kèk vakabon yo jwenn nan lari a ak yo, yo sanble yon foul moun, yo mache fè dezòd nan tout lavil la.

¶ Foul moun yo t'ap koute Pòl byen pwòp. Men, lè yo tande pawòl sa a, yo tout pran rele: Wete nonm sa a sou latè! Touye li! Li pa merite viv ankò!

¶ Nan denmen maten, jwif yo fè yon konplo. Yo sèmante sou tèt yo yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye Pòl.