TSK

TSK · Matthew 4:5

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Gwo pyès ki te devan Tanp lan te gen trant pye lajè menm jan ak Tanp lan, ak sankatreven pye wotè. Salomon te fè kouvri tout miray anndan pyès la ak bon lò.

Antou te gen desankatrevennèf moun Levi nan lavil Bondye a.

¶ Leve non, mòn Siyon! Leve non! Mete kouraj ou sou ou! Mete pi bèl rad ou sou ou, ou menm Jerizalèm, lavil Bondye a! Paske moun lòt nasyon yo, ki pa pote mak kontra Bondye a, ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye, p'ap janm mete pye lakay ou ankò.

Sèt fwa swasanndizan an, se tan sa a Bondye fikse pou l' delivre pèp li a ansanm ak lavil ki apa pou li a anba peche ak mechanste. Lè lè sa a va rive, l'ap padonnen tout peche. Tout moun pral mache dwat pou tout tan. Konsa, tou sa yo te anonse nan vizyon an ak nan mesaj pwofèt la va rive. Yo pral mete lotèl la apa pou Bondye ankò.

Luke 4:9 TSK

Apre sa, Satan mennen l' lavil Jerizalèm, li mete l' kanpe sou pwent fetay tanp lan; li di Jezi konsa: Si ou se Pitit Bondye, rete isit la lage kò ou anba.

Men, pa okipe gwo lakou ki dèyè tanp lan, pa mezire li. Paske se pou etranje yo li ye, yo menm ki gen pou foule lavil Bondye a anba pie yo pandan karannde mwa.