TSK

TSK · Nehemiah 7:4

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

¶ Tout moun ki te chèf pèp la te rete lavil Jerizalèm. Men pou rès pèp la, yo tire osò pou yo chwazi yon fanmi sou chak dis fanmi pou al viv nan lavil Bondye a, Jerizalèm. Tout rès yo va rete nan lòt lavil yo.

N'a rebati vye kay nou yo ki te fin tonbe. N'a moute lòt kay sou ansyen miray fondasyon tan lontan yo. Y'a rele nou moun ki konn repare miray fann yo, moun ki konn balize granchemen yo, moun k'ap refè kay ki kraze yo pou moun ka vin rete nan peyi a ankò.

Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l' la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.