TSK

TSK · Numbers 11:15

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Men, tanpri, padonnen peche yo. Si se pa sa, tanpri efase non m' nan liv ou a.

Job 3:20 TSK

¶ Poukisa, Bondye, ou kite moun ki nan mizè ap viv? Poukisa ou bay moun ki nan gwo lapenn lavi?

Job 7:15 TSK

Lè konsa, pito moun te trangle m'. Pito m' te mouri pase pou m' soufri tout doulè sa yo.

Poukisa m' te fèt atò? Pou m' te ka nan lapenn, nan lafliksyon, pou m' te ka mouri nan lawont?

Jonah 4:8 TSK

Lèfini, lè solèy fin leve, Bondye fè yon sèl van lès soufle byen cho. Jonas te prèt pou pèdi konesans avèk chalè solèy la ki t'ap bat li sou tèt. Msye mande mouri, li di konsa: -Pito m' tou mouri m' fini ak sa!

Paske, mwen ta renmen pou m' pa soti wont nan anyen. Se la tout espwa m' pou m' ka pale ak kouraj, pou jòdi a tankou anvan lèzòm ka wè pouvwa Kris la nan mwen, kit mwen vivan, kit mwen mouri.