TSK

TSK · Numbers 26:3

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

¶ Men tout moun Moyiz ak Eleaza te konte lè yo t'ap fè resansman moun pèp Izrayèl la nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.

Yo kite mòn Abarim yo, y' al moute kan yo nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.

Lè sa a, yo te deja rive lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve, nan fon ki anfas Bètpeyò a, nan peyi wa Siyon an. Siyon sa a te wa peyi Amori a, li te rete lavil Esbon. Men, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo te bat li apre yo te fin soti kite peyi Lejip la.

Seyè a antere l' nan peyi Moab la, nan fon ki anfas Bèt-Peyò a. Jouk jòdi a, pesonn pa konnen ki kote li antere.