TSK

TSK · Numbers 3:31

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

¶ W'a fè yon rido ak bon twal koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. y'a bwode bèl pòtre zanj cheriben byen fèt sou tout rido a.

¶ W'a fè yon lòtèl an bwa zakasya pou boule lansan.

¶ Yo fè rido a ak bon twal koulè ble, violèt epi wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'.

Yo pran tout bagay, yo pote yo bay Moyiz, depi tant lan, kay kote pou Bondye rete a, ak tout bagay ki mache avè li yo, kwòk li yo, ankadreman li yo, trenng li yo, poto li yo ak sipò yo,

Li mete basen lan nan espas ki nan mitan Tant Randevou a ak lòtèl la, epi li mete dlo ladan l'.

Lè lè a va rive pou pèp la leve lamach, lè Arawon ak pitit gason l' yo va fin kouvri tout mèb ki nan kote ki apa nèt pou Seyè a, ansanm ak tout bagay ki mache ak yo a, se lè sa a gason moun Keyat yo va vin pran mèb yo pou pote yo. Moun Keyat yo pa gen dwa manyen bagay yo mete apa nèt pou Seyè a. Si yo fè sa, y'ap mouri. Se tout reskonsablite moun Keyat yo sa, lè y'ap deplase Tant Randevou a.