¶ Si se yon ti bèt moun lan vle ofri, l'a bay yon mouton osinon yon kabrit, bouk ou fenmèl, men ki pa gen ankenn enfimite.
TSK
TSK · Numbers 6:14
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
¶ Si se nenpòt lòt moun nan pèp la ki fè peche san li pa fè espre, ki vle di li antò paske li fè yon bagay Seyè a te bay lòd pa fè men li fè l' san l' pa konnen,
¶ Sou wityèm jou a, l'a pran de ti belye ki pa gen ankenn enfimite ak yon ti fenmèl mouton ki gen ennan epi ki pa gen ankenn enfimite. L'a pran tou de mamit farin melanje ak lwil oliv epi yon boutèy demi lit plen lwil oliv.
Yo touye sèt towo ak sèt belye pou Bondye te ka ede moun Levi ki t'ap pote Bwat Kontra a.
Lèfini, n'ap plede di: Nou bouke ak tout bagay sa yo. Nou pa pran ka m' ankò. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Nou pran bèt nou vòlò, bèt enfim, osinon bèt malad, nou vin ofri ban mwen. Seyè a mande nou: Nou kwè mwen ka asepte bagay konsa nan men nou? Se Seyè a ki mande nou sa.