TSK

TSK · Numbers 8:22

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Tout moun pèp Izrayèl yo te swiv lòd la, yo te fè sa Seyè a te bay Moyiz ak Arawon lòd fè a.

Lè w'a fin mete moun Levi yo nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, lè w'a fin vire yo adwat agoch devan m', tankou yon kado espesyal moun yo fè m', y'a gen dwa pwoche vin fè travay yo nan Tant Randevou a.

Apre sa, prèt yo ak moun Levi yo kanpe, yo mande benediksyon Bondye pou tout pèp la. Lapriyè yo moute rive jouk nan syèl la, kay Bondye a menm, kote Bondye ki apa nèt la rete a. Bondye tande lapriyè yo.

Chèf li yo te bay pa yo tou pou pèp la, pou prèt yo ak moun Levi yo. Ilkija, Zakari ak Jeiyèl, ki te reskonsab Tanp Seyè a, bay demil sisan ti mouton ak ti kabrit ansanm ak twasan bèf pou yo touye pou fèt la.