Pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a.
TSK
TSK · Numbers 8:24
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Li fè konte tout moun Levi yo, depi sa ki gen trantan pou pi piti rive sou sa ki pi gran yo. Antou yo jwenn trantwimil gason.
Li ba li plan tout bagay li te gen nan tèt li pou lakou tanp yo, pou tout chanm ki bay sou lakou yo, pou depo veso yo sèvi nan tanp lan ak pou depo bagay yo ofri pou mete apa pou Seyè a.
Nou janm tande yon sòlda ap fè sèvis nan lame, pou se li menm ankò ki peye tèt li? Ou ankò, èske yon moun pa gen dwa manje rezen nan pye rezen li te plante a? Osinon, èske yon gadò mouton pa gen dwa bwè lèt mouton l'ap okipe yo?
¶ Timote, pitit mwen, m'ap renmèt ou kòmandman sa a, dapre pawòl pwofèt Bondye yo te di sou ou nan tan lontan an. Pran fòs sou pawòl sa yo pou ou ka mennen batay la byen.
Tankou yon bon sòlda Jezikri, asepte tout soufrans ki vin pou ou.