TSK

TSK · Numbers 8:26

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Se Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, ki te chèf tout chèf fanmi Levi yo. Se li ki te kontwole travay moun ki te reskonsab kote ki apa nèt pou Seyè a.

Sou lòt mwatye ki rete pou rès moun pèp Izrayèl la, w'a pran yonn sou chak senkant moun, sou chak senkant bèt menm kalite, bèf, bourik, mouton, kabrit. Epi w'a bay moun Levi yo ki reskonsab Tant Randevou Seyè a.

¶ Gen lòt moun Levi yo te mete reskonsab trezò Tanp lan ak depo kote yo mete tout bagay ki apa pou Bondye yo.

Y'ap toujou sèvi m' nan Tanp lan. Se yo menm ki pral reskonsab veye pòtay Tanp lan, se yo ki pral fè tout kalite ti travay ki pou fèt nan Tanp lan. Se yo ki pral touye bèt pèp la va vin ofri pou boule nèt nan dife ak pou lòt kalite ofrann. Se yo ki pral la pou sèvi pèp la.