TSK

TSK · Philippians 2:22

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

¶ Se pou sa menm m'ap voye Timote, pitit mwen nan Seyè a, ban nou. Se yon pitit mwen renmen anpil, li menm tou li fèb pou mwen. La fè nou chonje tout prensip k'ap dirije lavi m'ap mennen nan Kris la. Se menm prensip sa yo m'ap moutre toupatou nan tout legliz yo.

Se pa yon lòd m'ap ban nou: Men, mwen pran egzanp sou lòt yo pou nou menm tou nou ka moutre jan nou gen renmen tout bon nan kè nou.

Fè yo wè jan nou renmen yo, pou legliz yo ka sèten nou renmen yo, pou yo ka konnen mwen gen rezòn pale byen pou nou konsa.

m'ap ekri ou, Timote, pitit lejitim mwen nan konfyans mwen gen nan Bondye. M'ap mande Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo gen pitye pou ou, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze.

M'ap ekri ou, Timote, pitit mwen renmen anpil lan. Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo gen pitye pou ou, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze.

Titus 1:4 TSK

M'ap ekri ou lèt sa a, Tit, pitit lejitim mwen nan konfyans nou gen ansanm lan. Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Sovè nou an, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze.