TSK

TSK · Proverbs 13:1

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Jozafa li menm te swiv Asa, papa l', pye pou pye nan tou sa l' te fè. Li te fè sa ki dwat devan Seyè a. Tansèlman, tanp zidòl yo te la toujou nan peyi a, kifè pèp la pa t' sispann fè sèvis, touye bèt pou zidòl yo.

¶ Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap soti nan bouch mwen.

Si w'ap kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz, l'ap joure ou mete sou li. Si w'ap rale zòrèy yon mechan, l'ap bat ou mete sou li.

¶ Moun sòt toujou konprann sa y'ap fè a byen. Men, moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo.

¶ Moun fou pa koute lè papa yo ap pale yo. Men, moun ki gen bon konprann koute lè y'ap rale zòrèy yo.

¶ Yon pitit byen elve fè kè papa l' kontan. Men, yon moun ki san konprann meprize manman l'.