Moun ap kouri dèyè yo pi rèd pase dèyè lò, menm pase lò ki pi bon an. Yo pi dous pase siwo myèl, menm pase siwo k'ap degoute nan gato myèl.
TSK
TSK · Proverbs 16:24
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Lè ou fè sa, se va tankou yon bon medikaman: W'a toujou gaya, ou p'ap janm soufri doulè.
¶ Pawòl moun ki di tou sa ki vin nan bouch yo se kout ponya. Men, pawòl moun ki gen bon konprann se renmèd.
¶ Seyè a pa ka sipòte lide mechan yo gen nan tèt yo. Men, sa fè l' plezi pou l' tande pawòl moun ki san repwòch.
¶ Pitit mwen, bwè siwo myèl, sa bon pou ou. Menm jan siwo myèl k'ap koule soti nan gato myèl dous nan bouch ou,
¶ Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouraj.
Bouch ou gen gou siwo myèl, bèl nègès mwen! Anba lang ou menm, se lèt ak siwo myèl. Rad sou ou gen menm sant ak rakbwa mòn Liban an.
¶ Menm jou dimanch sa a, nan aswè, disip yo te reyini nan yon kay. Yo te fèmen pòt yo akle paske yo te pè jwif yo. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout!