¶ Wa a mete konfyans li nan Seyè a. Gremesi Bondye ki anwo nan syèl la, wa a la pou tout tan.
TSK
TSK · Proverbs 20:28
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Psalms 21:7
TSK
Psalms 61:7
TSK
Se pou l' gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l' wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l'.
Proverbs 3:3
TSK
Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo.
Proverbs 16:12
TSK
¶ Wa yo pa ka sipòte lè moun ap fè mechanste, paske tout fòs yon gouvènman se lè li defann dwa tout moun.
Isaiah 16:5
TSK
Gouvènman peyi Jida a pral kanpe byen kanpe. Yon chèf pral soti nan ras fanmi wa David la. Li pral moute chita sou fotèy la pou l' dirije pèp la avèk bon kè, san patipri. L'ap soti pou l' fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap prese fè tout moun jistis.