TSK

TSK · Proverbs 25:12

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

wi, lè sa a, mèt mwen, ou p'ap bezwen nan règrèt, ni konsyans ou p'ap boulvèse deske ou te mete san moun deyò san rezon osinon deske ou te pran revanj ou sou moun. Lè Seyè a va beni ou, tanpri pa bliye m'.

¶ Ou mèt kite yon moun ki mache dwat pini m'. Ou mèt kite yon moun k'ap sèvi ou rale zòrèy mwen. Men, pa kite m' patisipe nan okenn fèt mechan yo. Paske, lè m'ap lapriyè, m'ap toujou denonse sa y'ap fè ki mal.

Pa janm kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz. L'a rayi ou. Men, si w'ap kouri dèyè yon moun ki gen konprann, l'a gen respè pou ou.

¶ Moun ki koute lè y'ap rale zòrèy yo pou byen yo va jwenn yon plas nan sosyete moun ki gen bon konprann.

¶ Pito ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l' konprann sa li fè a pa anyen.