Mwen rele Seyè a: Li delivre m' anba lènmi m' yo. Lwanj pou Seyè a!
TSK
TSK · Psalms 113:3
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
¶ Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.
Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a.
¶ Byen lwen nan dènye bout latè, nou tande y'ap chante, y'ap fè lwanj pou moun ki mache dwat yo. Men mwen menm, mwen di: Pa gen rechap pou mwen! Pa gen chape pou mwen! Gade nan kisa m' ye! Trèt yo ap trayi moun toujou! Chak jou y'ap trayi moun pi rèd!
¶ Se pou syèl la kontan! Se pou tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tèlman yo kontan! Paske Seyè a pral bay pèp li a kouraj, l'ap gen pitye pou pèp li a ki nan lapenn.
Menm jan lanmè a plen dlo, se konsa toupatou sou latè moun pral konnen pouvwa Bondye a.
Men, li te vini pou moun lòt nasyon yo tou, pou yo te ka fè lwanj Bondye pou jan li gen kè sansib, jan sa te ekri nan Liv la: Se poutèt sa m'a fè lwanj ou nan mitan lòt nasyon yo. Se poutèt sa m'a chante pou non ou.