TSK

TSK · Romans 10:20

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

¶ Mechan yo pa bezwen moun dèyè yo pou yo kouri. Men, moun ki mache dwat yo brav tankou lyon.

konsa tou, anpil nasyon va kontan lè y'a wè l' fwa sa a. Wa yo va rete bouch be devan li sitèlman y'a sezi. Paske y'a wè bagay moun pa t' janm rakonte yo anvan sa, y'a konprann bagay yo pa t' janm tande anvan.

¶ Seyè a di m' konsa: -Rele ak tout fòs ou, rele mezi ou kapab! Fè vwa ou sonnen tankou klewon! Fè pèp mwen an konnen tout mechanste li fè yo! Fè moun fanmi Jakòb yo konnen tout peche yo te fè!

Apre sa, Jezi di yo ankò: Se konsa moun ki dèyè yo va pran devan, moun ki devan yo va rete dèyè nèt.

Mèt la di domestik la: Ale nan gran chemen ak nan tout ti wout. Mezi moun wa jwenn, fè yo antre pou kay mwen an ka plen.

¶ Lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ka mete pawòl nan bouch mwen lè m'a gen pou m' pale, pou m' ka pale avèk lasirans, pou moun ka rive konnen sekrè ki nan bon nouvèl la.