TSK

TSK · Romans 2:1

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

David fache anpil sou nonm rich la. Li di Natan konsa: -Mwen fè sèman nan non Seyè ki vivan an! Nonm ki fè bagay sa a merite pou yo touye l'.

¶ Pa jije moun pou Bondye pa jije nou,

Luke 6:37 TSK

¶ Pa jije moun, konsa Bondye p'ap jije nou. Pa kondannen moun, konsa Bondye p'ap kondannen nou. Padonnen yo, konsa Bondye va padonnen nou tou.

John 8:7 TSK

Men, moun yo t'ap kouvri l' ak keksyon. Jezi leve atè a, li di yo: Se pou moun ki konnen li pa janm peche a ba l' premye kout wòch la.

Monchè, ou menm k'ap jije moun k'ap fè bagay sa yo epi k'ap aji menm jan an tou, èske ou kwè wa chape anba jijman Bondye a?

Lè yon moun lòt nasyon ki pa sikonsi fè sa lalwa a mande, èske Bondye p'ap gade li tankou yon moun ki sikonsi?

Eske ou konnen, ou menm madanm ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove mari ou? Eske ou konnen, ou menm mari ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove madanm ou?

¶ Frè m' yo, piga nou yonn pale lòt mal. Moun ki pale yon frè mal, osinon ki jije frè li, se lalwa li pale mal, se lalwa li jije. Si w'ap jije lalwa, ou pa yon moun k'ap obsève lalwa, men ou pran pòz jij ou sou li.