TSK

TSK · Ruth 2:14

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

¶ Men, lè n'a fin manje plen vant nou, n'a fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, pou bon peyi li te ban nou an.

Ruth 2:18 TSK

Li pran grenn lòj li yo, li tounen lavil, li moutre bèlmè li tou sa li te ranmase. Li ba li tou rès manje ki te rete lè l' te fin manje a.

¶ Abigayèl prese pran desan pen, de gwo veso an po bèt plen diven, senk mouton tou kwit, de barik grenn griye, san mamit rezen chèch, desan gato fèt ak figfrans chèch, li chaje tou sa sou bourik.

Men domestik la di l': --Ki jan pou m' rive bay san moun manje ak ti pwovizyon sa a? Elize reponn li: --Ba yo l' pou yo manje, paske Seyè a di y'ap manje kont yo, y'ap kite rès.

Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi m' yo. Ou resevwa m', ou fè kè m' kontan ou ban m' tou sa m' bezwen.

Men, bon moun, se toujou sa ki byen l'ap chache fè, li p'ap janm fè anyen ki pa sa.

si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi.

Jezi pale ak moun ki te envite l' la. Li di li: Lè w'ap fè yon fèt, piti ou gwo, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ou yo ki rich. Paske, yon lè y'a envite ou tou. Konsa, se tankou si yo ta renmèt ou sa ou te fè a.