Genesis 41:1
TSK
¶ Dezan te fin pase. Farawon an fè yon rèv. Li wè li te kanpe bò larivyè Nil la.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Dezan te fin pase. Farawon an fè yon rèv. Li wè li te kanpe bò larivyè Nil la.
Jojakim te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan onzan. Li te fè sa ki mal devan Seyè a, Bondye li a.
Lè moun kouche nan kabann yo, lè yo fon nan dòmi lannwit, Bondye pale ak yo nan rèv, nan vizyon.
¶ Nan twazyèm lanne rèy Jojakim, wa peyi Jida a, Nèbikadneza, wa lavil Babilòn, vin atake lavil Jerizalèm. Li sènen l' toupatou.
Se yon plezi pou mwen pou m' fè nou konnen mirak ak bèl bagay Bondye ki anwo nan syèl la fè pou mwen.
¶ Apre sa, wa a tounen nan palè a. Jou swa sa a li pa manje, li pa fè chache ankenn nan fanm kay li yo. Li pase nwit lan san l' pa fèmen je l'.