¶ Ezekyas te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Abija. Se te pitit fi Zakari.
TSK
TSK · Isaiah 29:13
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Pa fè l' di sa li pa di. Si ou fè sa, l'a fè ou repwòch, l'a fè tout moun wè se mantò ou ye.
Wete kò nou sou bon wout la! Fè sou kote! Pa vin pale nou sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Chak jou, y'ap fè sèvis pou mwen. Yo pretann yo konnen chemen m' yo, tankou si se yon nasyon ki fè sa ki dwat devan m', epi ki pa t' janm lage lòd mwen te ba yo. Y'ap mande m' pou m' defann kòz yo. Yo ta vle pou Bondye kanpe la ak yo.
Yo te mèt pran non m' pou fè sèman, se pou twonpe moun.
yo di l' konsa: -Tanpri, fè sa n'ap mande ou la a. Lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou nou. Lapriyè pou ti rès moun ki chape yo. Paske, jan ou ka wè l' la, nou te anpil, koulye a se yon ti ponyen moun nou ye.
Se konsa, tankou si yo te gen dizon, tout pèp la ap sanble bò kote ou, y'ap vin chita devan ou pou yo ka koute sa w'ap di. Men, yo p'ap fè sa w'ap di yo fè. Yo pran pawòl ou yo pou fè bèl fraz. Se enterè yo ase yo konnen.
Poukisa disip ou yo pa swiv koutim granmoun lontan yo? Gade. Yo pa lave men yo anvan yo manje.
Tout bagay sa yo, fini ou fin fè yo, yo pa fè anyen pou ou. Se lèzòm ki mande bagay konsa, se yo ki moutre bagay sa yo.