TSK

TSK · Proverbs 15:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Tande sa y'ap di! Tande jan y'ap pale! Lang nan bouch yo, ou ta di se yon ponya! Y'ap di: Pa gen moun k'ap tande nou!

¶ Moun lespri pa janm nan fè moun wè tou sa yo konnen. Men, moun san konprann ap mache fè moun wè jan yo sòt.

¶ Ala kontan ou kontan lè ou jwenn yon bon repons pou ou bay! Ala bon sa bon lè ou jwenn yon pawòl ki tonbe daplon!

¶ Yon moun ki gen bon konprann kalkile anvan li pale. Konsa pawòl li vin gen plis pèz.

¶ Pawòl ki soti nan bouch yon moun ki gen konprann sèvi yon lwanj pou li. Men pawòl nan bouch moun sòt ap lakòz lanmò yo.