Lè aktyèl la
Sizyèm Lè - Sexte
Nou sonje kwisifiksyon an epi nou mande Kris pou Li libere lespri nou anba peche epi fè nou vin limyè pou lemond.
Entwodiksyon Chak Lè
Nan non Papa a ak Pitit la ak Sentespri a
Yon sèl Bondye. Amèn.
Seyè, gen pitye. Seyè, gen pitye. Seyè, beni. Amèn.
Glwa a Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a, koulye a, ak pou tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.
LAPRIYÈ SENYÈ A
¶ Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou.
vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l' nan syèl la.
Manje nou bezwen an, ban nou l' jòdi a.
Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.
Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. [Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn]
Lapriyè Remèsiman
Ann remèsye Bondye ki fè tout byen, ki gen mizèrikòd, Papa Senyè nou an ak Bondye nou an ak Sovè nou Jezikri, paske Li kouvri nou, Li te ede nou, Li te pwoteje nou, Li te resevwa nou bò kote Li, Li te pran pitye de nou, Li te soutni nou, epi Li te mennen nou rive nan lè sa a. Menm Li tou, ann mande L pou Li prezève nou nan jounen sakre sa a ak nan tout jou lavi nou yo ak tout lapè. Seyè, Bondye nou, Toupisan.
O Mèt, Bondye Toupisan, Papa Senyè nou an ak Bondye nou an ak Sovè nou Jezikri, nou remèsye Ou nan tout sikonstans, pou tout bagay, e nan tout tan; paske Ou te kouvri nou, Ou te ede nou, Ou te pwoteje nou, Ou te resevwa nou bò kote Ou, Ou te pran pitye de nou, Ou te soutni nou, epi Ou te mennen nou rive nan lè sa a.
Se poutèt sa, nou mande e nou sipliye, soti nan bonte Ou, O Ou ki renmen lèzòm, ban nou gras pou n ka fini jounen sakre sa a ak tout jou lavi nou yo ak tout lapè, ak krent Ou. Tout jalouzi, tout tantasyon, tout zak dyab la, tout konplo mechan yo, ak leve lènmi kache ak lènmi ki parèt, retire yo lwen nou, lwen tout pèp Ou, ak lwen kote sen sa a. Men sa ki bon e itil yo, ba nou yo. Paske se Ou menm ki ban nou otorite pou n pile sou koulèv ak eskòpyon, ak sou tout pouvwa lènmi an. E pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou anba move a.
Pa gras, pa konpasyon, ak pa lanmou pou lèzòm ki nan Pitit Sèl Ou a, Senyè nou an, Bondye nou an, ak Sovè nou Jezikri. Menm Li, pa Li menm, laglwa, onè, pouvwa, ak adorasyon ap pou Ou, ansanm avè L, ansanm ak Sentespri a ki bay lavi, ki egal ak Ou, koulye a, ak pou tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.
SÒM 50
¶ Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.
Bondye parèt, li klere byen bèl depi Siyon, mòn ki bèl tout bon an.
Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega.
Li rele syèl la ak latè a pou sèvi l' temwen. Li pral jije pèp li a.
Li di: -Sanble tout moun k'ap sèvi m' yo nan pye m'. Sanble tout moun ki te fè kontra avèk mwen lè yo te ofri bèt touye ban mwen.
Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij!
¶ Koute, pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou! Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou.
Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo.
Mwen pa mande ou ti towo bèf ki nan sèka ou, ni bouk kabrit ki nan jaden ou.
Paske, tout bèt ki nan bwa, se pou mwen yo ye. Tout kantite bèt ki nan mòn yo, se pou mwen yo ye tou.
Mwen konnen tout zwezo k'ap vole nan mòn yo. Tout zannimo ki nan savann, se pou mwen yo ye.
Si m' te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l', se pou mwen yo ye.
Eske m' manje vyann towo bèf? Eske m' bwè san bouk kabrit?
Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la.
Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.
¶ Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?
Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.
Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo.
Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay.
Nou chita, n'ap pale frè nou mal. N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou.
Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.
Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.
Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.
Kòmansman lapriyè a
Kantig pou Sizyèm Lè nan jounen beni sa a, m ap ofri li bay Kris, Wa mwen ak Bondye mwen; epi m ap mande Li pou Li padonnen peche mwen.
SÒM 53
¶ Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm, tankou timoun lekòl. Se yon sòm David. Moun fou di nan kè yo: -Pa gen Bondye! Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann mechanste. Pa gen yonn ki fè sa ki byen.
Bondye rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l'.
Men, yo tout vire do bay Bondye. Yo tout yo mete tèt ansanm pou fè sa ki mal. Pa gen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen, non, pa menm gen yon sèl ladan yo.
Bondye di: -Moun sa yo k'ap fè mechanste, se konnen yo pa konnen? Yo rete, y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen.
Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble, san pa gen rezon pou yo tranble. Men Bondye pral gaye zo tout lènmi ou yo, w'ap fè yo wont, paske Bondye lage yo.
Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l' delivre pèp Izrayèl li a? Lè Bondye va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.
SÒM 56
¶ Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pijon ki sou pye terebent byen lwen yo. Se yon chante David te ekri lè moun Filisti yo te mete men sou li nan lavil Gat. Bondye papa mwen! Gen pitye pou mwen, paske mwen gen anpil moun k'ap pousib mwen. Tout lajounen y'ap fè m' lagè, y'ap toumante mwen.
Tout lajounen lènmi m' yo ap pousib mwen. Se pa ti anpil yo anpil, moun k'ap fè m' lagè yo.
Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m'?
Tout lajounen y'ap manke m' dega. Se yon sèl lide yo gen nan tèt yo: se fè mwen mal!
Yo mete tèt yo ansanm, yo kache kò yo, y'ap veye tout vire tounen mwen. Y'ap tann okazyon konsa pou yo touye m'.
Pa gen sove pou yo, paske yo fè twòp. Lè ou an kòlè, Bondye, fè pèp yo vin ba devan ou.
¶ Ou konnen tout kouri kache mwen yo. Ou konnen jan dlo koule nan je m'. Eske tout sa pa ekri nan liv ou a?
Se poutèt sa lènmi m' yo gen pou kouri ale lè m' rele ou. Mwen konnen Bondye pou mwen.
M'ap fè lwanj pawòl Bondye. Wi, m'ap fè lwanj pawòl Seyè a.
Mwen gen konfyans nan Bondye, mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè mwen?
O Bondye, m'ap ofri ou sa mwen te pwomèt ou yo, m'ap ofri bèt pou yo touye pou ou pou m' di ou mèsi.
Paske ou pa kite m' mouri, ou pa kite m' bite, pou m' kapab mache devan ou nan mitan bèl limyè k'ap klere moun k'ap viv pou ou yo.
SÒM 60
¶ Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon chante David te fè pou moutre moun anpil bagay. Li te ekri l' lè li t'ap fè lagè ak moun Aram yo ki te soti nan peyi Naarayen ak peyi Soba. Sa te rive aprè Joab te tounen nan batay la pou l' te touye douz mil moun peyi Edon nan Fon Sèl la. Bondye, ou vire do ban nou. Ou gaye nou toupatou. Ou te fache ak nou. Tanpri, fè nou kanpe ankò!
Ou fè peyi a tranble, ou mete l' tèt anba. Mete l' sou de pye l' ankò, paske li prèt pou tonbe nèt.
Ou kite pèp ou a pase anba kont tray li. Ou ba li bwè yon bweson ki fè tèt li vire.
Ou bay moun ki gen krentif pou ou yo yon drapo, pou lè batay la yo jwenn kote pou yo kache.
Delivre nou ak pouvwa ou. Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans.
¶ Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt.
Peyi Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou. M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen. Peyi Jida, se baton kòmandman mwen li ye.
Men m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran li.
Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon?
Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa soti ansanm ak lame nou yo ankò?
Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch.
Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'.
SÒM 62
¶ Pou chèf sanba yo. Pou Yedoutoun. Se yon chante David. Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen.
Se li menm ase k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m'.
Kilè n'a sispann tonbe ansanm sou do yon moun pou n' chache lage l' atè tankou yon miray ki tou panche, tankou yon lantouraj k'ap tonbe?
Wi, yo pa gen lòt lide nan tèt yo pase fè l' pèdi gwo plas kote li ye a. Yo pran plezi nan bay manti. Yo louvri bouch yo pou mande benediksyon, men nan kè yo, se madichon y'ap bay.
Wi, se sou Bondye ase pou m' konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen.
Se li menm sèlman k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen, li p'ap janm kite anyen rive m'.
Se Bondye k'ap delivre m'. Se li menm k'ap fè yo respekte m'. Se li menm ki tout fòs mwen, l'ap pran defans mwen. Se li menm ki tout pwoteksyon mwen.
¶ Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou.
Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k'ap soufle a.
Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l' pran nanm nou.
An de fwa, men sa m' tande Bondye di: -Se nan men m' pouvwa rete.
Wi, Seyè, ou gen bon kè, paske w'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
SÒM 66
¶ Pou chèf sanba yo. Chante sa a se yon sòm li ye. Nou tout ki rete sou latè, rele ak kè kontan pou Bondye! Fe fèt pou fè lwanj Bondye!
Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li!
Di Bondye: -Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou.
Tout moun ki rete sou latè ap adore ou. Y'ap chante pou ou, y'ap chante pou sa ou fè.
Vini non! Al gade sa Bondye fè! Li fè bagay ki pou fè moun sou latè respekte li.
Li fè fon lanmè a tounen tè sèk: Zansèt nou yo travèse rivyè a san pye yo pa mouye. Ann fè kè nou kontan pou sa li te fè!
Avèk fòs kouraj li l'ap dominen pou tout tan. L'ap gade tout sa nasyon yo ap fè. Si gen moun ki vle fè rebèl, pito yo pa leve tèt yo?
¶ Nou menm pèp yo, di Bondye mèsi! Fè tout moun tande jan n'ap fè lwanj li!
Se li menm ki ban nou lavi. Li pa kite pye nou glise.
Bondye, ou te fè nou pase anba tray pou ou te wè kote nou ye. Wi, menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon, se konsa ou te fè nou pase anba tray.
Ou te kite nou tonbe nan pèlen an. Ou te mete yon chay lou sou do nou.
Ou kite nenpòt moun ap pase nou lòd. Nou pase nan dife, nou pase nan gwo dlo. Men, ou wete nou nan tout move pa, ou delivre nou.
¶ M'a vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou, m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a.
M'a kenbe pawòl mwen te di lè m' te nan tray la.
M'a ofri mouton byen gra pou yo boule pou ou sou lotèl la, ansanm ak odè vyann y'ap boukannen pou ou. Wi, m'a ofri ou towo bèf ak bouk kabrit.
vin koute non, nou tout ki gen krentif pou Bondye. M'a di nou sa Bondye fè pou mwen.
Mwen rele nan pye l', mwen te deja pare pou m' te fè lwanj li.
Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Seyè a pa ta koute sa m' t'ap di l' la.
Men Bondye te koute sa m' t'ap di l' la, li te tande m' lè m' t'ap lapriyè.
Lwanj pou Bondye! Mèsi Bondye! Ou pa t' kite m' lapriyè pou gremesi. Ou pa t' refize fè m' wè jan ou gen bon kè.
SÒM 69
¶ Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon sòm David. Delivre m' non, Bondye. Dlo prèt pou neye mwen.
M'ap desann nan fon yon ma labou. Mwen pa ka pran pye. Mwen nan yon gwo basen byen fon. Dlo prèt pou kouvri tèt mwen.
Mwen bouke rele, mwen pa kapab ankò. Gòj mwen ap fè mwen mal. Je m' yo ap boule m' sitèlman m'ap veye tann sekou Bondye mwen an.
Gen yon bann moun ki rayi m' san m' pa fè yo anyen. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Gen yon seri moun ki rete konsa yo fè m' lènmi, yo pi fò pase m', y'ap chache touye mwen. Yo fè m' renmèt sa m' pa pran.
Bondye, mwen pa kapab kache peche m' yo devan ou. Ou konnen jan m' te aji tankou moun fou.
Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa kite m' tounen yon wont pou moun ki mete konfyans yo nan ou. Ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa kite m' fè moun k'ap sèvi ou yo wont.
Se poutèt ou y'ap joure m' konsa. Wi, se poutèt ou lawont fè m' kache figi m'.
Mwen tounen yon etranje pou pwòp frè m' yo, yon moun deyò pou pwòp pitit manman m' yo.
Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m' santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Tout joure y'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t'ap joure.
Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y'ap joure m' konsa.
Si m' mete yon rad sak sou mwen pou m' mande ou padon, y'ap pase m' nan rizib.
Yo chita bò pòtay lavil la, y'ap pale sou mwen, bwèsonyè yo ap fè chante sou mwen.
¶ Men mwen menm, se ou menm m'ap toujou lapriyè. Reponn mwen, Bondye, lè w'a wè l' nesesè, paske ou gen bon kè, paske w'ap toujou pote m' sekou.
Wete m' nan ma labou sa a. Pa kite m' desann pi fon ladan li. Delivre m' anba lènmi m' yo. Wete m' nan gwo basen byen fon an.
Pa kite dlo yo kouvri tèt mwen ankò. Pa kite m' neye nan gwo lantonwa a. Pa kite bouch twou a fèmen sou mwen.
Reponn mwen, Seyè, paske ou p'ap janm sispann renmen m'. Voye je ou gade mwen, paske ou gen kè sansib.
Pa vire do ou bay sèvitè ou. Prese vin reponn mwen, paske mwen nan gwo traka.
vin jwenn mwen, vin delivre mwen. Wete m' nan men lènmi mwen yo.
Ou konnen jan y'ap joure mwen, jan y'ap fè m' wont, jan y'ap trennen m' nan labou. Ou wè tout moun k'ap pèsekite m' yo.
Yo di m' gwomo jouk yo kraze kouraj mwen. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Mwen te kwè ta gen moun ki ta gen pitye pou mwen, men pesonn pa vini. Mwen te kwè ta gen moun ki ta vin konsole m', pesonn pa parèt.
Yo mete pwazon nan manje mwen. Lè m' mande dlo pou m' bwè, se vinèg yo ban mwen.
¶ Se pou resepsyon y'ap fè yo tounen yon pèlen pou yo. Lè yo konprann zafè yo pi bon, se lè sa a pou malè tonbe sou yo.
Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm! Kase ren yo pou yo pa ka kanpe dwat ankò!
Mete ou an kòlè sou yo! Fè yo santi jan ou fache sou yo!
Se pou kay yo rete san moun. Se pou pa gen yon moun lakay yo ki rete vivan ankò.
Paske yo te pèsekite moun ou t'ap pini an. Y'ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a.
Kite yo mete sou sa yo fè deja. Se pou ou san pitye pou yo.
Efase non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. Pa mete non yo ak non moun k'ap sèvi ou yo.
Mwen nan gwo lapenn, m'ap soufri. Bondye, pote m' sekou. Mete m' sou de pye m' ankò.
¶ M'a chante pou Bondye, m'a fè lwanj li. M'a di l' mèsi, m'a fè konnen jan li gen pouvwa.
Sa va fè Seyè a plezi pi plis pase si m' ta ofri l' yon bèf, pase si m' ta ba li yon jenn towo bèf ki fin fè kòn.
Lè malere yo va wè sa, y'a kontan. Se va yon gwo ankourajman pou moun k'ap sèvi Bondye yo.
Seyè a koute lè pòv yo ap lapriyè nan pye l'. Li pa bliye moun pa l' yo lè yo nan prizon.
Se pou syèl la ansanm ak latè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan li fè lwanj Bondye.
L'a delivre peyi Siyon. L'a rebati lavil peyi Jida yo. Pèp li va bati kay yo la ankò. Y'a pran tè a pou yo.
Pitit pitit sèvitè l' yo va eritye peyi a. Se la moun ki renmen l' yo va viv.
SÒM 83
¶ Chante sa a se yon sòm Asaf li ye. O Bondye, pa rete ak bouch ou fèmen! Pa rete san ou pa di anyen, Bondye! Pa rete konsa san ou pa fè anyen!
Men li! Lènmi ou yo ap revòlte. Moun ki pa vle wè ou yo ap leve dèyè ou!
Y'ap fè konplo an kachèt sou do pèp ou a, y'ap mete tèt yo ansanm sou do moun w'ap pwoteje yo.
Yo di: -Vini non! Ann efase non yo pami nasyon yo, pou pesonn pa janm chonje peyi Izrayèl la ankò!
Yo mete tèt yo ansanm, yo fè yon sèl lide: yo dakò pou yo fè bann sou do ou.
Moun peyi Edon ansanm ak pitit pitit Izmayèl yo, moun peyi Moab ansanm ak pitit pitit Aga yo,
moun peyi Gebal, moun peyi Amon ansanm ak moun peyi Amalèk yo, moun peyi Filisti ansanm ak moun lavil Tir, yo tout yo dakò.
Moun peyi Lasiri yo tou fè bann ak yo, yo mete fòs yo ansanm ak pitit pitit Lòt yo.
¶ Sa ou te fè moun peyi Madyan yo, sa ou te fè Sisera ansanm ak Jaben nan ravin Kichon an, se sa pou ou fè yo tou.
Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a.
Sa ou te fè Orèb ak Zeèb, se sa pou ou fè chèf lame yo tou! Menm jan ou te kraze Zebak ak Salmouna, se konsa pou ou kraze chèf yo tou,
paske yo te di: -Ann pran peyi Bondye a pou nou.
Bondye mwen, gaye yo tankou pousyè nan toubouyon, tankou pay van ap pote ale.
Tankou dife k'ap boule nan rakbwa, tankou flanm dife k'ap mache boule mòn yo,
se konsa pou ou kouri dèyè yo ak gwo van tanpèt ou a. Fè yo pè ak gwo van siklòn ou yo!
Fè yo wont, fè yo blije kache figi yo, Seyè, pou yo ka chache konnen ou.
Se pou yo wont nèt jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou yo kouri kache, se pou yo mouri.
Fè yo konnen se ou menm sèl ki Seyè, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè.
SÒM 84
¶ Pou chèf sanba yo. Se sou lè yon chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm pitit Kore yo. Ala bèl kay ou a bèl, Seyè ki gen tout pouvwa!
Jan mwen anvi wè kay Seyè a sa! M'ap deperi sitèlman m' anvi al lakay Seyè a. M'ap chante, m'ap fè fèt pou Bondye vivan an.
Menm ti zwezo jwenn kote pou yo rete, menm iwondèl jwenn nich pou mete pitit yo: Se toupre lotèl ou yo, Seyè ki gen tout pouvwa, ou menm ki Bondye mwen, ou menm ki wa mwen!
Ala bon sa bon pou moun k'ap viv lakay ou yo! Yo toujou ap fè lwanj ou.
Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou, pou moun ki fè lide ale sou Mòn Siyon an!
Lè y'ap pase nan mitan Fon Sèk la, yo fè l' tounen yon kote ki plen sous dlo. Anvan yon ti lapli tonbe, tout jaden bèl.
Plis y'ap mache, se plis y'ap gen fòs. Yo gen pou yo parèt devan Bondye sou mòn Siyon an.
¶ Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, koute lapriyè mwen. Bondye Jakòb la, panche zòrèy ou pou tande m'.
Bondye, ou menm ki tout pwoteksyon nou, voye benediksyon ou sou wa ou te chwazi pou nou an!
Yon jou pase anndan lakay ou pi bon pase mil jou pase nenpòt lòt kote. Mwen ta pito rete kanpe nan papòt kay Bondye a pase pou m' ta rete anndan kay mechan yo.
Paske, se Seyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l' okenn bon bagay.
Bondye ki gen tout pouvwa, ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou!
SÒM 85
¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. Seyè, ou te bon pou peyi ou la! Ou te mennen pitit Jakòb ki te prizonye yo tounen!
Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal, ou te efase tout peche yo.
Ou pa t' fache sou yo ankò! Ou te sispann fè kòlè sou yo!
Mete nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou! Ou pa bezwen fache sou nou ankò!
Eske w'ap toujou rete fache sou nou? Eske ou p'ap janm byen ak nou ankò?
Eske ou p'ap ban nou lavi ankò, pou pèp ou ka fè fèt pou ou?
Seyè, fè nou wè jan ou renmen nou! Delivre nou non!
¶ M'ap koute sa Seyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe l' fèm yo, li pwomèt pou l' fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò.
Wi, li pare pou l' delivre moun ki gen krentif pou li, pou l' fè yo santi pouvwa li, pou l' toujou la avèk yo.
Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pesonn p'ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pesonn p'ap fè lòt lenjistis ankò!
Sou latè moun p'ap vire do bay Bondye. Bondye menm, bò pa li, va rete nan syèl la, l'a gade anba san patipri.
Seyè a va fè nou jwenn tout kalite bon bagay. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.
Moun k'ap mache dwat yo va pran devan. Kote yo pase moun ap viv byen yonn ak lòt.
SÒM 86
¶ Se yon lapriyè David te fè. Seyè, tanpri panche zòrèy ou bò kote m', reponn mwen, paske se yon pòv malere san sekou mwen ye.
Pa kite m' mouri, paske mwen fè tou sa ou mande m' fè. Bondye mwen, delivre m' non, paske se ou menm m'ap sèvi, se nan ou menm sèl mwen mete konfyans mwen.
Gen pitye pou mwen, Seyè, paske se tout lajounen m'ap kriye nan pye ou!
Fè kè sèvitè ou la kontan, Seyè, paske se ou menm mwen rele lè m'ap lapriyè!
Seyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.
Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè! Tande m' non lè m'ap rele mande sekou!
Lè m' nan tray, se ou menm mwen rele, paske ou toujou reponn mwen.
¶ Seyè, nan tout bondye yo, pa gen tankou ou! Pa gen yonn ki ka fè sa ou menm ou fè!
Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y'a fè lwanj ou,
paske se ou menm, Bondye, ki gen pouvwa, se ou menm ki fè bèl mèvèy sa yo. Se ou menm sèl ki Bondye.
Seyè, moutre m' jan ou vle m' viv la. M'a toujou obeyi ou nan tout sikonstans. Moutre m' jan pou m' sèvi ou avèk krentif.
Seyè, Bondye mwen, m'ap fè lwanj ou ak tout kè m', mwen p'ap janm sispann fè konnen jan ou gen pouvwa!
Ala renmen ou renmen mwen! Ou wete m' nan bouch twou a.
Bondye, yon bann awogan leve dèyè m'! Yon kantite mechan soti pou yo touye m'! Yo pa menm chonje si gen Bondye!
Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou!
Voye je ou sou mwen. Gen pitye pou mwen! Ban m' fòs ankò, delivre m', paske mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou.
Fè kichòy pou mwen, Seyè! Fè moun ki pa vle wè m' yo wont, lè yo wè se ou menm ki pote m' sekou, se ou menm ki ban m' konsolasyon!
SÒM 90
¶ Lapriyè Moyiz, sèvitè Bondye a. Seyè, ou te toujou yon pwoteksyon pou nou depi sou tan zansèt nou yo jouk koulye a.
Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l', depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye.
Ou di moun se pou yo tounen sa yo te ye. Ou fè yo tounen pousyè ankò.
Milan pa anyen pou ou, se tankou yon jou. Se tankou jounen ayè ki fin pase a, se tankou yon ti kadè nan mitan lannwit.
Ou fè yo pase tankou yon rèv, tankou pye zèb ki leve yon jou maten.
Li grandi, li fleri, nan aswè li fennen, li cheche.
¶ Lè ou ankòlè, se fini ou fini ak nou. Lè ou move, ou fè kè nou kase.
Ou mete devan je ou tou sa nou fè ki mal, ou mete peche nou fè an kachèt yo aklè devan ou.
Ou koupe sou lavi nou paske ou ankòlè. Anvan nou bat je nou, lavi nou fini.
Dènye bout nou se swasanndizan. Si nou gen bon sante, n'a wè katreventan. Men, avantaj nou jwenn nan tou sa se sèlman tray ak mizè. Talè konsa nou fin viv, n' al fè wout nou.
Kilès ki konnen jan ou ka ankòlè? Kilès ki konnen jan pou yo pè ou lè ou move?
¶ Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay.
Seyè, kilè w'a tounen? Gen pitye pou sèvitè ou yo.
Chak maten, voye benediksyon ou sou nou! Konsa, n'a chante, n'a toujou gen kè kontan.
Koulye a fè kè nou kontan pou menm kantite jou ou te ban nou lapenn, pou menm kantite lanne nou pase nan mizè.
Fè moun k'ap sèvi ou yo wè sa ou ka fè. Fè pitit pitit yo wè jan ou gen pouvwa.
Seyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè.
SÒM 92
¶ Sòm sa a se yon chante espesyal pou jou repo a. Sa bon nèt pou nou di Seyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la.
Sa bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib, pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.
Avèk mizik yo jwe sou enstriman akòd yo, avèk mizik yo jwe sou gita, sa bon nèt pou nou fè lwanj ou.
Paske, Seyè, ou fè kè m' kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m' wè tou sa w'ap fè.
Ala bèl bagay ou fè yo bèl! Seyè, moun p'ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou!
Se bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann.
¶ Mechan yo ap grandi tankou zèb, moun k'ap fè mal yo ap wè zafè yo mache byen, men yon lè yo tout gen pou disparèt nèt.
Men ou menm, Seyè, ou se Bondye nan syèl la. Ou la pou tout tan.
Paske, Seyè, lènmi ou yo pral mouri. Wi, ou pral gaye tout moun k'ap fè mal yo.
Ou fè m' gen menm fòs ak towo bèf mawon yo. Ou fè kè m' kontan.
Mwen wè ak je m' jan lènmi m' yo pèdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wè m' yo ap rele.
Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban.
Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Seyè a, y'ap pouse bèl branch nan tanp Bondye nou an.
Yo te mèt granmoun, y'ap donnen, y'ap toujou vèt, y'ap toujou gen fòs.
Sa fè nou wè jan Seyè a pa gen patipri. Se li ki tout pwoteksyon mwen. Pa gen lenjistis nan kè li.
LEKTI LEVANJIL LA SELON SEN MATYE (5:1-16)
¶ Lè Jezi wè foul moun yo, li moute sou yon mòn. Li chita. Disip li yo pwoche bò kote l'.
Li tanmen moutre moun yo anpil bagay. Li di yo:
¶ Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.
Benediksyon pou moun ki nan lapenn, paske Bondye va ba yo kouraj.
Benediksyon pou moun ki dou, paske y'a resevwa byen Bondye te sere pou yo a sou latè.
Benediksyon pou moun ki anvi viv jan Bondye vle l' la, paske Bondye va ba yo sa yo vle a.
Benediksyon pou moun ki gen kè sansib, paske Bondye va fè yo wè jan li gen kè sansib tou.
Benediksyon pou moun ki pa gen move lide nan tèt yo, paske y'a wè Bondye.
Benediksyon pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li.
Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y'ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.
Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m' nou ye.
Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.
¶ Se sèl nou ye pou moun sou latè. Si sèl la pèdi gou l', ak kisa pou yo ba li gou ankò? Li pa vo anyen ankò. Se jete pou yo voye sa jete deyò, pou moun pile sa anba pye yo.
Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn.
Ni yo pa limen yon lanp pou mete l' anba yon mamit. Men, yo mete l' sou yon etajè, pou l' klere pou tout moun ki nan kay la.
Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.
Tenoo oasht emmok o piekhristos nem pekyot en aghathos nem pi epnevma ethowab je akee ak soati emmon nai nan
Nou adore Ou, O Kris, ansanm ak Bon Papa Ou ak Sentespri a, paske Ou vini e Ou sove nou.
1. O Ou menm ki sou sizyèm jou a ak sizyèm lè a te kloure sou kwa a, poutèt peche papa nou Adan te oze fè nan Paradi a, dechire lèt‑dèt peche nou yo, O Kris Bondye nou, epi sove nou. Mwen rele Seyè a, e Li tande mwen. Bondye, tande priyè m; pa refize demann mwen. Pran swen pou koute m epi tande m aswè, nan maten, ak a midi. Mwen di pawòl mwen yo, e Li tande vwa mwen, e Li delivre nanm mwen anpè.
Doxa Patri ke Eioa ke Agio Pnevmati
Glwa pou Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a.
2. O Jezi Kris, Bondye nou, ou ki te kloure sou kwa a nan sizyèm lè a, e ki te touye peche pa pyebwa a; e pa lanmò Ou Ou te bay lavi bay nonm ki te mouri a, sa Ou te kreye ak pwòp men Ou, men ki te mouri nan peche. Touye doulè nou yo pa pasyon Ou ki geri epi ki bay lavi; e pa klou yo te kloure Ou yo. Rete mennen lespri nou soti nan neglijans zafè tè a ak dezi mond yo, pou sonje kòmandman syèl Ou yo, selon konpasyon Ou.
Ke nin ke a ee ke ees toos e onas toan e oa noan ameen.
Kounye a e pou tout tan, e pou laj tout laj yo, Amèn.
3. Paske nou pa gen favè, ni eskiz, ni jistifikasyon akoz anpil peche nou yo, nou, atravè ou, n ap sipliye Sila ki te fèt nan ou, O Manman Bondye, Vyèj la; paske entèsesyon ou la abondan e agreyab devan Sovè nou. O manman pi pwòp la, pa mete pechè yo deyò nan entèsesyon ou ak Sila ou te pote a; paske Li plen mizèrikòd e Li kapab sove nou, paske Li te soufri pou nou pou delivre nou. Se pou konpasyon Ou rive vit sou nou, paske nou fin imilye anpil. Ede nou, O Bondye, Sovè nou, pou glwa non Ou. O Seyè, delivre nou, epi padonnen peche nou yo poutèt non sen Ou.
Ke nin ke a ee ke ees toos e onas toan e oa noan ameen.
Kounye a e pou tout tan, e pou laj tout laj yo, Amèn.
4. Ou fè delivrans nan mitan tout latè, O Kris Bondye nou, lè Ou lonje men sen Ou yo sou kwa a. Se poutèt sa, tout nasyon rele: “Glwa a Ou, O Seyè.”
Doxa Patri ke Eioa ke Agio Pnevmati
Glwa pou Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a.
5. Nou adore Pèsòn enkowonptib Ou, O Bon Jan, n ap mande padon peche nou yo, O Kris Bondye nou. Paske, de pwòp volonte Ou, Ou te dakò pou yo leve Ou sou kwa a, pou delivre sa Ou te kreye yo anba esklavaj lènmi an. Nou rele bay Ou epi nou remèsye Ou, paske Ou te ranpli tout bagay ak lajwa, O Sovè, lè Ou te vin ede lemond. Seyè, glwa pou Ou.
Ke nin ke a ee ke ees toos e onas toan e oa noan ameen.
Kounye a e pou tout tan, e pou laj tout laj yo, Amèn.
6. Ou se Sila ki plen favè. O Manman Bondye, Vyèj la, nou fè lwanj ou; paske, atravè kwa Pitit ou, Lakay mò a tonbe, epi lanmò anile. Nou te mouri, men nou leve e nou vin merite lavi etènèl, epi nou resevwa dousè premye Paradi a. Se poutèt sa, avèk rekonesans, nou glorifye Kris la, Bondye nou ki enmòtèl.
Apre sa, moun k ap lapriyè a lapriye:
Seyè, tande nou, gen pitye pou nou, epi padonnen peche nou yo. Amèn.
(Seyè, gen pitye pou nou) 41 fwa
Absolisyon
Nou remèsye Ou, O Wa nou, Toupisan, Papa Senyè nou an, Bondye nou an, ak Sovè nou Jezikri, epi nou bay Ou glwa; paske Ou te fè lè soufrans Pitit Sèl Ou a tounen lè konsolasyon ak lapriyè. Resevwa siplikasyon nou; efase kont peche nou yo ki te ekri sou nou; menm jan Ou te chire l nan lè sakre sa a pa kwa Pitit Sèl Ou a, Jezikri, Senyè nou ak Sovè nanm nou; se pa Li nou te kraze tout pouvwa lènmi an.
Ban nou, O Bondye, yon tan ki bèl, yon konduit san defo, ak yon lavi ki trankil; pou nou ka fè plezi Non Sen Ou ki resevwa adorasyon; epi pou nou ka kanpe devan tribinal terib ki jis la, ki pou Pitit Sèl Ou a, Jezikri, Senyè nou, san yo pa kondane nou; epi pou nou bay Ou glwa ansanm ak tout Sen Ou yo: Ou menm Papa ki san kòmansman, Pitit la ki egal ak Ou, ak Sentespri a ki bay lavi; koulye a, ak tout tan, e pou tout laj tout laj yo. Amèn.
Letani yo li nan fen chak Lè
Gen pitye de nou, O Bondye, epi gen pitye de nou. Ou menm ki nan tout tan ak chak lè, nan syèl la ak sou tè a, resevwa adorasyon ak glwa: Kris Bondye nou an, ki bon, ki pran tan, ki anpil nan mizèrikòd, ki rich nan konpasyon; Ou ki renmen jis yo, e Ou gen mizèrikòd pou pechè yo, pami yo se mwen menm ki premye; Ou pa vle lanmò pechè a, men olye sa, pou li tounen vin jwenn Ou epi viv; Ou rele tout moun pou yo sove poutèt pwomès byen yo k ap tann yo.
O Seyè, resevwa nan men nou nan lè sa a ak nan chak lè, demann nou yo. Fasilite lavi nou; dirije nou pou n fè kòmandman Ou yo; senctifye nanm nou; pirifye kò nou; leve panse nou; netwaye entansyon nou; geri maladi nou; epi padonnen peche nou yo. Delivre nou anba tout tristès ki mal ak doulè kè. Antoure nou ak zanj sen Ou yo, pou ak kan yo nou ka prezève ak dirije, rive nan inite lafwa a, epi nan konesans laglwa Ou ki envizib ak san limit; paske Ou beni pou tout tan. Amèn.
O Bondye, fè nou merite pou nou di ak remèsiman: Papa nou ki nan syèl la...