Lè aktyèl la
Konplin - Douzyèm Lè
Anvan dòmi nou sonje antèman Kris la, pasaj mond lan, epi nou mande padon ak pwoteksyon pandan lannuit.
Entwodiksyon Chak Lè
Nan non Papa a ak Pitit la ak Sentespri a
Yon sèl Bondye. Amèn.
Seyè, gen pitye. Seyè, gen pitye. Seyè, beni. Amèn.
Glwa a Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a, koulye a, ak pou tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.
LAPRIYÈ SENYÈ A
¶ Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou.
vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l' nan syèl la.
Manje nou bezwen an, ban nou l' jòdi a.
Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.
Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. [Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn]
Lapriyè Remèsiman
Ann remèsye Bondye ki fè tout byen, ki gen mizèrikòd, Papa Senyè nou an ak Bondye nou an ak Sovè nou Jezikri, paske Li kouvri nou, Li te ede nou, Li te pwoteje nou, Li te resevwa nou bò kote Li, Li te pran pitye de nou, Li te soutni nou, epi Li te mennen nou rive nan lè sa a. Menm Li tou, ann mande L pou Li prezève nou nan jounen sakre sa a ak nan tout jou lavi nou yo ak tout lapè. Seyè, Bondye nou, Toupisan.
O Mèt, Bondye Toupisan, Papa Senyè nou an ak Bondye nou an ak Sovè nou Jezikri, nou remèsye Ou nan tout sikonstans, pou tout bagay, e nan tout tan; paske Ou te kouvri nou, Ou te ede nou, Ou te pwoteje nou, Ou te resevwa nou bò kote Ou, Ou te pran pitye de nou, Ou te soutni nou, epi Ou te mennen nou rive nan lè sa a.
Se poutèt sa, nou mande e nou sipliye, soti nan bonte Ou, O Ou ki renmen lèzòm, ban nou gras pou n ka fini jounen sakre sa a ak tout jou lavi nou yo ak tout lapè, ak krent Ou. Tout jalouzi, tout tantasyon, tout zak dyab la, tout konplo mechan yo, ak leve lènmi kache ak lènmi ki parèt, retire yo lwen nou, lwen tout pèp Ou, ak lwen kote sen sa a. Men sa ki bon e itil yo, ba nou yo. Paske se Ou menm ki ban nou otorite pou n pile sou koulèv ak eskòpyon, ak sou tout pouvwa lènmi an. E pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou anba move a.
Pa gras, pa konpasyon, ak pa lanmou pou lèzòm ki nan Pitit Sèl Ou a, Senyè nou an, Bondye nou an, ak Sovè nou Jezikri. Menm Li, pa Li menm, laglwa, onè, pouvwa, ak adorasyon ap pou Ou, ansanm avè L, ansanm ak Sentespri a ki bay lavi, ki egal ak Ou, koulye a, ak pou tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.
SÒM 50
¶ Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.
Bondye parèt, li klere byen bèl depi Siyon, mòn ki bèl tout bon an.
Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega.
Li rele syèl la ak latè a pou sèvi l' temwen. Li pral jije pèp li a.
Li di: -Sanble tout moun k'ap sèvi m' yo nan pye m'. Sanble tout moun ki te fè kontra avèk mwen lè yo te ofri bèt touye ban mwen.
Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij!
¶ Koute, pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou! Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou.
Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo.
Mwen pa mande ou ti towo bèf ki nan sèka ou, ni bouk kabrit ki nan jaden ou.
Paske, tout bèt ki nan bwa, se pou mwen yo ye. Tout kantite bèt ki nan mòn yo, se pou mwen yo ye tou.
Mwen konnen tout zwezo k'ap vole nan mòn yo. Tout zannimo ki nan savann, se pou mwen yo ye.
Si m' te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l', se pou mwen yo ye.
Eske m' manje vyann towo bèf? Eske m' bwè san bouk kabrit?
Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la.
Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.
¶ Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?
Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.
Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo.
Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay.
Nou chita, n'ap pale frè nou mal. N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou.
Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.
Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.
Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.
Kòmansman lapriyè a
Kantig pou Dòmi nan jounen beni sa a, m ap ofri li bay Kris, Wa mwen ak Bondye mwen; epi m ap mande Li pou Li padonnen peche mwen.
SÒM 129
¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn.
Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pa t' janm rive mete pye sou kou nou.
Yo tonbe sou do nou, ou ta di moun k'ap bat tè pou plante.
Men, Seyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou.
¶ Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak.
Se pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi: y'ap cheche anvan menm yo donnen.
Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm, moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li.
Moun k'ap pase bò la yo p'ap di: -Se pou Seyè a beni nou! N'ap beni ou nan non Seyè a!
SÒM 130
¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nan mizè mwen ye a, Seyè, m'ap rele nan pye ou.
Seyè, koute m' non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.
Si ou t'ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?
Men, ou padonnen nou, pou n' ka respekte ou.
¶ Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di.
N'ap tann Seyè a, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve!
Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre.
Se li menm ki va delivre pèp Izrayèl la anba tout mechanste yo fè yo.
SÒM 131
¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, mwen pa gen lògèy nan kè mwen. Mwen pa gade moun avèk awogans. Mwen pa enterese nan bagay ki twò fò pou mwen, nan bagay ki twò difisil pou m' konprann.
Mwen rete tou dousman, byen trankil tankou yon timoun sevre ki rete byen dousman sou janm manman l'. Wi, tankou yon timoun sevre, se konsa mwen rete dousman.
Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, depi koulye a ak pou tout tan.
SÒM 132
¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, pa bliye David. Chonje tout traka li te bay tèt li pou ou.
Seyè, chonje sèman li te fè ou, pwomès li te fè ou, ou menm Bondye Jakòb la ki gen fòs, lè l' te di:
-Mwen p'ap antre nan kay kote m' rete a, mwen p'ap moute kouche sou kabann mwen,
mwen p'ap bay kò m' repo, mwen p'ap fèmen je m',
toutotan mwen pa jwenn yon kote pou Seyè a, yon kay pou Bondye Jakòb la ki gen fòs ka rete.
Nou te tande Bwat Kontra a te lavil Efrata. Men, nou jwenn li nan jaden Jearim yo.
Ann al lakay Seyè a. Ann al devan fotèy li pou n' adore l'.
Leve non, Seyè, vin kote pou ou pran repo a. Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fè nou wè jan ou gen pouvwa.
Se pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans. Se pou tout pèp ou a rele sitèlman yo kontan.
Poutèt pwomès ou te fè David, sèvitè ou la, tanpri, Seyè, pa vire do bay moun ou te chwazi a.
¶ Seyè a te fè David, sèvitè li a, yon pwomès, l'ap toujou kenbe pawòl li: Se yonn nan pitit ou yo m'ap mete chita sou fotèy ou a.
Si pitit ou yo kenbe kontra mwen fè ak yo a, si yo kenbe prensip mwen ba yo, pitit pa yo tou va toujou chita son fotèy ou a.
Seyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li.
Se la mwen chwazi pou m' toujou pran repo, se la m'ap rete, paske se sa mwen vle.
M'a voye benediksyon sou tou sa li bezwen pou l' viv. M'a bay pòv li yo manje plen vant yo.
M'a delivre prèt li yo, m'a fè tout pèp Bondye a rele sitèlman yo kontan.
Se la m'ap fè yonn nan pitit David yo tounen yon gwo wa. Mwen p'ap kite limyè a soti nan fanmi moun mwen chwazi a.
M'ap fè lènmi l' yo wont, kouwòn ki sou tèt li a ap toujou rete byen klere.
SÒM 133
¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!
Se tankou yon lwil santi bon yo vide sou tèt Arawon, k'ap koule sou bab li desann nan kou rad li.
Se tankou lawouze ki soti sou mòn Emon, k'ap desann sou mòn Siyon yo. Se la Seyè a pwomèt pou l' bay benediksyon l', lavi ki p'ap janm fini an.
SÒM 136
¶ Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Se li menm sèl ki fè gwo mèvèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Avèk bon konprann li, li tè fè syèl la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
L'a bati tè a sou dlo yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou:
Se li ki te kreye lalin ak solèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Solèy pou klere lajounen. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Lalin ak zetwal yo pou klere lannwit. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
¶ Se li menm ki te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Li fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Lejip. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Avèk kouraj li, ak fòs ponyèt li, Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Se li menm ki te fann Lanmè Wouj la de bò. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Li fè pèp Izrayèl la pase nan mitan. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Men, li pouse farawon an ak tout lame l' yo nan Lanmè Wouj la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Se li ki mennen pèp li a lè pèp la te nan tout dezè a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Li kraze wa ki te gen pouvwa. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Li touye gwo wa yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Siyon, wa peyi Amon an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Og, wa peyi Bazan an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Li pran peyi yo, li bay pèp li a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Li bay moun pèp Izrayèl yo peyi sa yo pou yo rete. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
¶ Li pa t' bliye nou lè nou te anba kou. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Li delivre nou anba men moun ki t'ap peze nou yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Se li ki bay tout moun ak tout zannimo manje. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Di Bondye ki anwo nan syèl la mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
SÒM 137
¶ Nou te chita bò larivyè ki nan peyi Babilòn yo, nou t'ap kriye lè nou chonje peyi Siyon.
Nou te pandye gita nou yo nan branch pye sikren peyi a.
Moun ki te fè nou prizonye yo t'ap mande pou nou chante pou yo. Moun ki t'ap peze nou yo t'ap mande pou nou anmize yo: -Chante yon chante peyi Siyon pou nou non!
Ki jan ou ta vle pou n' chante yon chante Seyè a nan yon peyi etranje?
Si nou bliye ou, Jerizalèm. se pou nou bliye ki jan pou nou sèvi ak men dwat nou tou.
Si nou pa chonje ou, si nou pa konsidere ou tankou pi gwo kontantman nou, se pou lang nou kole nan fon bouch nou.
¶ Seyè, chonje sa moun peyi Edon yo te fè jou yo te pran lavil Jerizalèm. Chonje jan yo t'ap di: Kraze l'! Kraze l' ratè!
Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.
Benediksyon pou moun ki va pran pitit ou yo, ki va kraze yo sou gwo wòch!
SÒM 140
¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Seyè, delivre m' anba mechan yo non! Pwoteje m' anba ansasen yo non,
anba moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife.
Lang yo se razwa. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.
Seyè, pa kite m' tonbe anba men mechan yo, pwoteje m' anba ansasen yo k'ap chache jan pou yo fè m' tonbe.
Awogan yo pare yon pèlen pou mwen, yo tann pèlen kòd pou mwen, yo mete moun veye m' sou tout chemen mwen.
Mwen di Seyè a: -Se ou ki Bondye mwen. Koute m' non, Seyè, lè m'ap rele nan pye ou.
Seyè, Bondye mwen, ou se fòs ki pou sove m' lan. W'ap pwoteje m' lè batay la mare.
¶ Seyè, pa kite mechan yo fè sa yo gen lide fè a! Pa kite sa yo vle fè a rive!
Pa kite moun ki pa vle wè m' yo dominen sou mwen. Se pou mechanste ki nan bouch yo a tonbe sou yo!
Se pou Bondye grennen chabon dife sou yo tankou lapli. Se pou l' fè yo tonbe nan gwo twou byen fon kote yo p'ap janm ka leve sòti.
Se pou moun k'ap pale moun mal yo pèdi pye nan peyi a. Se pou malè tonbe sou ansasen yo pou l' touye yo.
Mwen konnen Seyè a va fè pòv yo jistis. L'a defann kòz moun ki san sekou yo.
Wi, moun k'ap mache dwat yo va fè lwanj li. Moun ki obeyi l' yo va toujou viv devan l'.
SÒM 141
¶ Se yon sòm David. Seyè, m'ap rele ou, prese vin kote m' non! Panche zòrèy ou pou tande lè m'ap rele nan pye ou!
Se pou lapriyè m' moute devan ou tankou lansan y'ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m' leve men m' pou m' lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak swa a.
Seyè, mete yon mò nan bouch mwen. Veye pawòl k'ap soti nan bouch mwen!
Pa kite move lide pran tèt mwen. Pa kite m' mete tèt ansanm ak mechan yo nan mechanste yo. Pa kite m' patisipe nan fèt yo!
¶ Ou mèt kite yon moun ki mache dwat pini m'. Ou mèt kite yon moun k'ap sèvi ou rale zòrèy mwen. Men, pa kite m' patisipe nan okenn fèt mechan yo. Paske, lè m'ap lapriyè, m'ap toujou denonse sa y'ap fè ki mal.
Se pou yo pran chèf mechan yo, jete yo anba nan falèz. Lè sa a, y'a rekonèt pawòl mwen se verite.
Tankou lè y'ap fann bwa pou fè l' fè ti moso, se konsa zosman nou yo pral gaye devan bouch twou kote mò yo ye a.
Men, Seyè, Bondye, se sou ou m'ap gade. Se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Tanpri, pa kite m' san sekou!
Pa kite m' pran nan pèlen yo tann pou mwen, nan pèlen moun k'ap fè mal yo.
Se pou mechan yo pran nan pèlen y'ap pare pou lòt moun, epi mwen menm, pou m' fè chemen mwen!
SÒM 145
¶ Se yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye. Bondye mwen, wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mèsi tout tan tout tan.
Chak jou m'ap di ou mèsi. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan.
Seyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!
Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y'a rakonte tout bèl bagay ou fè yo.
M'a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M'a fè konnen bèl mèvèy ou yo.
Y'a di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou. M'a rakonte jan ou gen fòs.
Y'a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.
Seyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou!
Seyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè.
¶ Seyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi!
Y'a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y'a fè konnen jan ou gen pouvwa,
pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite.
Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap dominen pou tout tan. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè.
L'ap soutni tout moun k'ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj.
Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje.
Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.
Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè.
Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo.
L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l', l'ap delivre yo.
L'ap pwoteje tout moun ki renmen l'. Men, l'ap detwi tout mechan yo.
M'a fè lwanj Seyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l' tout tan tout tan.
SÒM 146
¶ Lwanj pou Seyè a! Wi, kite m' fè lwanj Seyè a!
M'ap pase tout lavi m' ap fè lwanj Seyè a. M'ap chante pou Bondye mwen pandan tout tan m'ap viv.
Pa mete konfyans nou nan grannèg, nan moun ki pa ka delivre nou.
Kou souf yo koupe, yo tounen pousyè. Lamenm, tou sa yo te gen nan tèt yo disparèt.
¶ Ala bon sa bon pou moun ki gen Bondye Jakòb la pou tout sekou l', pou moun ki mete tout espwa l' nan Seyè a, Bondye li!
Se li menm ki fè syèl la, tè a ak lanmè a, ansanm ak tou sa ki ladan yo. L'ap toujou kenbe pawòl li.
Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis. Li bay tout moun ki grangou manje pou yo manje.
Seyè a fè prizonye yo soti nan prizon. Seyè a fè avèg yo wè ankò. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj. Seyè a renmen moun ki mache dwat devan li.
Seyè a pwoteje etranje k'ap viv nan peyi a. L'ap pran swen vèv yo ak timoun ki san papa yo. Men, li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo.
Seyè a ap gouvènen pou tout tan. Nou menm, moun Siyon, Bondye nou an ap gouvènen pou tout tan. Lwanj pou Seyè a!
SÒM 147
¶ Lwanj pou Seyè a! Sa bon nèt pou nou chante pou Seyè a. Sa bon nèt pou nou fè lwanj Seyè a. Wi, li merite l' vre!
Seyè a ap rebati lavil Jerizalèm. L'ap fè moun Izrayèl ki te gaye nan mitan lòt nasyon yo tounen lakay yo.
L'ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouraj. L'ap geri moun ki blese yo.
Li konte konbe zetwal ki genyen! Li konnen non yo chak.
Seyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit.
Seyè a ap bay pòv malere yo men pou yo leve. Men, l'ap rabese mechan yo jouk atè.
Chante yon chante pou Seyè a pou nou di l' mèsi. Fè mizik pou Bondye nou an ak gita.
Se li ki kouvri syèl la ak nwaj yo. Se li ki pare lapli pou tè a. Se li ki fè zèb pouse sou mòn yo.
Li bay bèt yo manje, li bay ti kònèy yo manje lè yo rele.
Li pa pran plezi l' nan chwal ki gen fòs, ni se pa kouraj moun ki fè kè l' kontan.
Moun ki fè kè l' kontan, se moun ki gen krentif pou li, se moun ki mete tout espwa yo nan li, paske yo konnen li renmen yo.
¶ Nou menm, moun lavil Jerizalèm, fè lwanj Seyè a! Nou menm, moun mòn Siyon, fè lwanj Bondye nou an!
Li fè pòt kay nou yo vin pi solid. Li voye benediksyon sou pitit nou yo nan mitan nou.
L'ap veye fwontyè peyi a pou pa gen lagè! L'ap plen vant nou ak bon kalite manje.
Li pase yon lòd: lòd la kouri byen vit toupatou sou latè.
Li fè lanèj tonbe kouvri latè tankou koton. Li fè lawouze tounen ti moso glas sou tout pyebwa.
Li voye lagrèl tankou gravye. Ki moun ki ka sipòte fredi li voye?
Li pase yon lòd, li fè yo tout fonn. Li fè van soufle, dlo pran koule toupatou.
Li fè pitit Jakòb yo konnen pawòl li. li fè pèp Izrayèl la konnen lòd li yo ak sa li deside.
Li pa aji konsa ak okenn lòt nasyon. Li pa fè yo konnen sa l' deside fè. Lwanj pou Seyè a!
LEKTI LEVANJIL LA SELON SEN LIK (2:25-32)
¶ Lè sa a, te gen yon nonm nan Jerizalèm yo te rele Simeyon. Nonm sa a te mache dwat devan Bondye, li te respekte Bondye anpil, li t'ap tann konsa moun Bondye t'ap voye pou delivre pèp Izrayèl la. Sentespri Bondye a te avèk li.
Li te fè l' konnen li pa t'ap mouri san l' pa wè Kris la, moun Bondye te chwazi pou l' voye a.
Lespri Bondye a pouse Simeyon ale nan tanp lan. Lè Jozèf ak Mari pote tipitit la pou yo fè sa lalwa mande pou li a,
Simeyon pran tipitit la nan bra l', li di Bondye mèsi. Li di:
Koulye a, Mèt, ou kenbe pawòl ou; ou mèt kite sèvitè ou la mouri ak kè poze.
Paske mwen wè ak je mwen moun ou voye pou delivre nou an.
Ou pare l' mete devan tout pèp yo.
Se yon limyè ki pou fè tout pèp yo konnen ou; se va yon lwanj pou Izrayèl pèp ou a.
Twa Sentesman yo
Sen Bondye, Sen Fò, Sen ki pa janm mouri, ki te fèt nan Vyèj la, gen pitye pou nou. Sen Bondye, Sen Fò, Sen ki pa janm mouri, ki te kloure sou kwa pou nou, gen pitye pou nou. Sen Bondye, Sen Fò, Sen ki pa janm mouri, ki te leve soti vivan nan mò yo e ki te monte nan syèl, gen pitye pou nou. Glwa a Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a, koulye a, ak tout tan, e pou laj laj yo. Amèn. O Trinite Sen an, gen pitye pou nou. O Trinite Sen an, gen pitye pou nou. O Trinite Sen an, gen pitye pou nou.
O Seyè, padonnen peche nou yo. O Seyè, padonnen inikite nou yo. O Seyè, padonnen mank nou yo. O Seyè, vizite malad pèp Ou a; geri yo poutèt non sen Ou. Papa nou yo ak frè nou yo ki dòmi yo, O Seyè, ban nanm yo repo. Ou menm ki san peche, O Seyè, gen pitye de nou. Ou menm ki san peche, O Seyè, ede nou, epi resevwa demann nou yo bò kote Ou. Paske pou Ou gen laglwa, pouvwa, ak twa fwa sentete. O Seyè, gen pitye. O Seyè, gen pitye. O Seyè, beni. Amèn.
E fè nou merite pou nou di ak remèsiman: Papa nou ki nan syèl la...
Lapè avè ou
Lapè avè ou. Nou sipliye ou, O Sent, plen ak glwa, Vyèj tout tan, Manman Bondye a, Manman Kris la: pote monte lapriyè nou yo bay Pitit renmen Ou a, pou Li padonnen peche nou yo.
Lapè pou sila ki te fè nou fèt Limyè a, Kris Bondye nou an, o Vyèj Sen an: mande Seyè a pou nou, pou Li gen mizèrikòd pou nanm nou, epi pou Li padonnen peche nou yo.
O Vyèj Mari, Manman Bondye a, Sen entèsesè fidèl pou ras limanite a, entèse depi devan Kris la, ke Ou te fè, pou Li fè nou favè padon peche nou yo.
Lapè avè ou, O Vyèj, Rèn vrè a; lapè pou lwanj ras nou an; ou te fè nou fèt Emanyèl. Nou sipliye ou: sonje nou, O entèsesè fidèl, devan Senyè nou Jezikri, pou Li padonnen peche nou yo.
Kòmansman Kredo a
Nou vin agrandi Ou, O Manman vrè Limyè a; nou vin bay Ou glwa, O Vyèj Sen an, Manman Bondye a; paske Ou te fè nou fèt Sovè lemonn; Li te vini e Li te sove nanm nou.
Glwa pou Ou, O Mèt nou ak Wa nou, Kris la: lwanj apòt yo, kouwòn matir yo, kè kontan jis yo, estabilite legliz yo, padon peche yo.
Nou anonse Trinite Sen an, yon sèl Divenite; nou adore Li e nou bay Li glwa. Seyè, gen pitye. Seyè, gen pitye. Seyè, beni. Amèn.
Kredo Sen Òtodòks la
Vrèman vre, nou kwè nan yon sèl Bondye: Bondye Papa a, Toupisan, Kreyatè syèl la ak tè a, tout sa ki vizib ak sa ki envizib.
Nou kwè nan yon sèl Senyè, Jezikri, Pitit Bondye a, sèl Pitit la, ki fèt nan men Papa a anvan tout laj; Limyè ki sòti nan Limyè; Bondye vre ki sòti nan Bondye vre; fèt, pa kreye; ki gen menm nati ak Papa a; se pa Li tout bagay te fèt. Se pou nou, moun, ak pou delivrans nou, Li desann soti nan syèl; Li te fè kò pa Lespri Sen an ak nan Mari Vyèj la, epi Li te vin moun. Li te kloure sou kwa pou nou sou kòmandman Ponspil Pilat la; Li te soufri, yo te antere Li, epi Li te leve soti vivan nan mitan mò yo nan twazyèm jou selon Ekriti yo; Li te monte nan syèl, epi Li chita sou dwa men Papa Li; e Li pral retounen ankò ak laglwa pou jije vivan yo ak mò yo; Wa Li p ap janm fini.
Wi, nou kwè nan Sentespri a, Seyè ki bay lavi a, ki soti nan Papa a; nou adore Li ak nou bay Li glwa ansanm ak Papa a ak Pitit la; Li te pale pa pwofèt yo.
E nan yon sèl Legliz Sen, Katolik (Inivèsèl), ak Apostolik.
E nou rekonèt yon sèl batèm pou padon peche yo.
E nou tann rezirèksyon mò yo ak lavi laj k ap vini an. Amèn.
Κύριε ἐλέησον (Seyè, gen pitye) 41 fwa
Sen, Sen, Sen
Sen, Sen, Sen, Seyè, Bondye lame yo. Syèl la ak tè a plen ak laglwa Ou ak onè Ou. Gen pitye de nou, O Bondye Papa Toupisan. O Trinite Sen an, gen pitye de nou. O Seyè, Bondye lame yo, rete avè nou; paske nou pa gen okenn lòt èd nan tribilasyon ak lapenn nou yo, pase Ou menm.
Dekone, padonnen, e pase sou yo pou nou, O Bondye, tout mechanste nou yo: sa nou fè ak volonte nou, ak sa nou pa fè ak volonte nou; sa nou fè ak konesans, ak sa nou fè san konesans; sa ki kache ak sa ki parèt. O Seyè, padonnen yo pou nou, poutèt non sen Ou ki rele sou nou. Dapre mizèrikòd Ou, O Seyè, e pa dapre peche nou yo.
E fè nou merite pou nou di ak remèsiman: Papa nou ki nan syèl la...
Absolisyon
O Seyè, tout sa nou peche kont Ou nan jounen sa a, swa nan zak, swa nan pawòl, swa nan panse, swa pa tout sans nou yo, padonnen, e efase yo pou nou, poutèt non sen Ou, kòm yon Bon Bondye ki renmen lèzòm. Akòde nou, O Bondye, yon lannuit kalm, ak yon dòmi sa ki pwòp de tout traka. E voye ba nou Anj Lapè a pou veye sou nou kont tout sa ki mal, kont tout kou, ak kont tout tantasyon lènmi an. Pa gras, pa konpasyon, ak pa lanmou pou lèzòm ki nan Pitit Sèl Ou a, Senyè nou, Bondye nou, ak Sovè nou Jezikri. Pa Li, pou Ou ansanm avè L gen laglwa, onè, ak pouvwa; ansanm ak Sentespri a ki bay lavi, ki egal ak Ou; koulye a ak tout tan, e pou laj laj yo. Amèn.
Letani yo li nan fen chak Lè
Gen pitye de nou, O Bondye, epi gen pitye de nou. Ou menm ki nan tout tan ak chak lè, nan syèl la ak sou tè a, resevwa adorasyon ak glwa: Kris Bondye nou an, ki bon, ki pran tan, ki anpil nan mizèrikòd, ki rich nan konpasyon; Ou ki renmen jis yo, e Ou gen mizèrikòd pou pechè yo, pami yo se mwen menm ki premye; Ou pa vle lanmò pechè a, men olye sa, pou li tounen vin jwenn Ou epi viv; Ou rele tout moun pou yo sove poutèt pwomès byen yo k ap tann yo.
O Seyè, resevwa nan men nou nan lè sa a ak nan chak lè, demann nou yo. Fasilite lavi nou; dirije nou pou n fè kòmandman Ou yo; senctifye nanm nou; pirifye kò nou; leve panse nou; netwaye entansyon nou; geri maladi nou; epi padonnen peche nou yo. Delivre nou anba tout tristès ki mal ak doulè kè. Antoure nou ak zanj sen Ou yo, pou ak kan yo nou ka prezève ak dirije, rive nan inite lafwa a, epi nan konesans laglwa Ou ki envizib ak san limit; paske Ou beni pou tout tan. Amèn.
O Bondye, fè nou merite pou nou di ak remèsiman: Papa nou ki nan syèl la...