Seyè a renmen tout pèp sou latè. Men, li pwoteje tout moun k'ap viv apa pou li. Yo bese nan pye l'. Yo resevwa lòd l'ap ba yo.
TSK
TSK · 1 Samuel 2:9
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Se Seyè a menm ki anpeche ou mete san deyò pou pran revanj ou. Koulye a, mwen fè sèman devan Seyè a ak devan ou menm, mèt mwen, se pou tout lènmi ou yo, tout moun ki ta vle fè ou mal, fini tankou Nabal.
Lè sa a, w'a viv ak kè poze lakay ou. Lè w'a vizite pak zannimo ou yo, w'a kontan.
Mete yo tout anba tè. Mare bouch yo tout nan twou kote mò yo ye a.
Se pa yon gwo lame k'ap fè yon wa genyen batay la. Se pa gwo kouray k'ap fè yon sòlda kraze lènmi l' yo.
Paske, Seyè a renmen moun ki mache dwat. Li pa lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li. L'ap toujou pwoteje yo. Men, ras mechan yo gen pou disparèt.
Lè mwen di: Men m'ap tonbe wi! Se ou menm, Seyè, ki soutni m' paske ou gen bon kè.
Apre sa, li fè pèp Izrayèl la pati avèk kantite lò ak ajan. Anyen pa t' rive yo yonn menm.
Se Seyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.
L'ap pwoteje tout moun ki renmen l'. Men, l'ap detwi tout mechan yo.
Paske se Seyè a ki tout espwa ou. Li p'ap kite ou pran nan pèlen.
Sa ki pi rèd la, nou pase tout lavi nou nan fènwa, nan lapenn, nan kè sere, nan maladi, nan fè kòlè.
Men sa li di lavil Babilòn: Chita la! Pa di yon mo! Rete nan fènwa a! Yo p'ap janm rele ou ankò larenn tout peyi yo.
¶ Piga moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann, ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan, ni moun rich yo dèske yo rich.
Jou sa a pral yon jou dechennen, yon jou lafliksyon ak kè sere, yon jou kraze brize, yon jou k'ap fè nwè kou lank, yon jou van ak gwo nwaj nwa ap plen syèl la.
Men, moun ki pou ta antre nan Peyi Wa a, y'ap voye yo jete deyò nan fènwa. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.
¶ Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou soti nan bouch pesonn: tout moun antò devan Bondye.
Moun sa yo tankou sous dlo ki cheche, tankou nway gwo van ap pote ale. Kote ki fènwa anpil la ap pare tann yo tou.
¶ Zanmi m' yo, mwen pa t' manke anvi ekri nou pou m' te pale nou sou jan Bondye delivre nou tout ansanm lan. Men, m' blije ekri nou koulye a pou mwen kapab ankouraje nou, pou nou pran defans lafwa Bondye te bay yon sèl fwa pou tout tan an, pou tout moun pa l' yo.